Ayiti-Sosyete : Sistèm penitansyè an Ayiti merite repanse.

Ayiti-Sosyete :

Sistèm penitansyè an Ayiti merite
repanse.

Leta dwe panse yon bon jan politik ak òganizasyon administrasyon penitansyè yo ki dwe aplike sou tout teritwa a pou direksyon enterejyonal sèvis pénitansye yo kòdone jesyon sèvis nan etablisman an .

Deviz administrasyon penitansyè se onè ak displin e yo gen yon misyon de siveyans pandan yap asire mentyen an detansyon moun otorite jidisyè konfye yo a. Yon misyon de prevansyon , residivite .
ki garanti sekirite pou ede yo transfòme ak pwoteje vi yo.

Men lè m fè yon koudèy sou sa kap pase nan prizon yo.
li endinye m antanke moun e moun yo gen plis chans pou yo vin delenkan aprè yo fin pije pèn yo paske travay pou sosyalize yo ak reyensèsyon yo pa fèt.

Wòl yon ajan penitansye se patisipe nan reyensèsyon detni yo lè aktivite yo tankou kontribye nan sosyalizasyon detni , kolabore avek pèsonèl de reyensèsyon.

Ann fè yon koudèy nan prizon nou yo . Poukisa se grangou , maladi kap touye detni yo, sekirite yo pa asire e travay pou sosyalizasyon ak reyensèsyon yo pa fèt vre.

Repanse modèl sant detansyon nou yo ak detni nou yo .

Lè w di prizon (sant detansyon) ou wè detni (prizonye), ou wè administrasyon kap jere prizon an.

Kiyès ki yon prizonye?Yon prizonye se yon moun ki an kontravansyon ak lajistis aprè l fin komèt yon deli oubyen yon krim pou ‘l sibi pèn li daprè sa lalwa di.
Fòk nou goumen pou aprè moun sa fin pije pèn li pou l pa tounen yon pwazon an plis pou sosyete a .
Repanse sou modèl tretman ak sèvis nap bay moun yo nan prizon an.

Lè yon moun nan prizon sa pa vle di l sispann egziste kòm moun sitou kèk fwa moun nap kwoupi nan yon seli l pou peye yon bagay li pa menm konnen . Aprè pèn nan moun nan konn jwenn liberasyon l sil pa gentan mouri akòz move trètman, maladi ak lòt nan prizon an.

Li pa posib pou se nan kondisyon sa moun ap viv pandan l ap sibi pèn li.Prizon ki ta dwe yon sant de redrèsman tandiske lakay nou
nou itilize prizon kòm zouti pou nou diminye moun, konbat moun ki pa nan klan nou sitou sila ki pa nan menm liy ak nou ki pa vle adapte ak liy pa nou , nou menm itilize prizon kòm zouti pou fè chantaj , abi pouvwa, pou fè moun enjistis pandan nap bay apantè , notè ak swa dizan
politisyen , oligak ….ki nan vòlè kap komèt tout vye zak pwoteksyon.Nou pa vle yo al nan prizon poutan anpil nan yo se yon pakèt kriminèl òganize sou kouvèti profesyon leta kap sikile .

Yon moun ki nan prizon fòk tèt li fò, fòk li jwenn bon ankadreman fanmi l pou lavi l pa tou fini e malgre ankadreman fanmi li konn enposib pou moun nan viv byen pa rapò ak sa l sibi nan prizon an tankou vyòl, diskriminasyon , travo fòse san se pa lajistis ki te ba li l kòm pèn , plizyè jou vizit entèdi san l pat fè anyen ki fè yo pran desizyon sa kont li e menm pa resevwa anyen nan men fanmi l pou li malgre anpil fwa bagay fanmi an voye pou li a konn fè wout kwochi, agresyon tout kalte nan men prizonye oubyen kèk responsab nan prizon an.

Si mikwòb pa gentan touye l ak move tretman li gen anpil chans pou l vin pi delenkan oubyen delenkan si l pòtko delenkan. Prizon ki ta sipoze yon lye de reyedikasyon ,bon jan lekòl profesyonel ak sikolog pou ede detni an konsyan pou l vin moun men se demounize l demounize sa k te gen yon minimòm jis li vin kriminel.

Pou Byennèt kolektif map goumen pou nòm penitansyè a respekte , dwe gen ajou ki fèt ladan l tou .Nou bezwen sant penitansyè spesyalize ,
grèf penitansyè a dwe enfòmatize, trete prizonye yo byen pou yo jwenn manje, bwè , dòmi epi tann jijman yo san fòs kote jan lajistis mande sa .Administrasyon an dwe gen yon bidjè pou jere prizon an e menm mete nan bidjè yo lajan pou yo achte filtè pou trete dlo pou prizonye yo bwè, pou dispansè yo ekipe ak bon jan famasi pou stoké medikaman adekwa,mete pwofesyonel sante disponib kap travay de konsè ak lopital yo.

Lè m vizite prizon Jakmel la ak lòt m konn pale ak kèk prizonye mwen rann mwen kont gen pwofesyonèl nan mitan yo , genyen ki te kanpe lekòl ki prè pou rekòmanse etidye pandan yo nan seli l yo, administrasyon an de konsè ak komisè gouvènman an, responsab edikasyon an te ka òganize klas pou yo konsa yo te ka pase egzamen ofisyèl yo. Itilize sa k deja gen pwofesyon manyèl yo kòm pwofesè e itilize yo nan travay Leta ap fè . Egzanp(yon bòs ferayè nan prizon, Leta ap fè yon konstriksyon, li ka tilize bòs saa pou l travay sou siveyans konsa moun nan ap benefisye yon ti kòb pou bezwen fanmi l e Leta ap peye l mwens pa rapò ak sa l te gen pou l bay fim nan).Sa k gen yon minimòm nan edikasyon yo itilize l kòm pwofesè sa k pa ka ekri non yo ditou yo .

Dwe gen yon done enfòmatize sou tout prevni ak zak yo te komèt la sou yon sit ki disponib kote tout moun ka fè rechèch sou evade prizon , prizonye ki jije ki pije pèn yo, adrès yo, prizonye yo fè gras , sa yo devni aprè yo sòt nan prizon, sa yo transfere nan lòt prizon etc..

San konsyans yo dwe sispann vann manje ki vini pou prizonye yo ak pote manje a pou mennaj yo, lakay yo pandan prizonye yo menm AP mouri grangou.

Antre nan prizon lakay se antre nan lanfè tou vivan sitou sila ki pa gen mwayen yo. Daprè temwanyaj de plizyè prizonye e daprè sa m konstate moun kap depafini nan prizon yo jis yo mouri se moun lajistis ak administrasyon penitansyè manje sou konplisite leta. Menm fason yap kwit manje pou prizonye yo se yon dezas..Yon pipi fè nwit nan twalèt ou pa chase l nan mitan jounen an ou ka bay kay la, m pa bezwen di w pou yon moun ap pase yon jounen ak yon bokit pipi melanje ak twalèt de plizyè moun diferan ki pa manje menm bagay ak trete kò yo menm jan.Pou bokit sa ap rale 2 a 3 jou e plis nan yon seli l ki deja fè cho pou yap manje ak dòmi sou li.Kondisyon inimen yap fè moun yo viv la yo endinye m antanke moun ,fòk gen yon lòt politik pou jere prizon ak prizonye yo pou byennèt kolektif

Ekri Pa
Carsendre Salomon,Fanm sitwayèn
angaje Pou Byennèt Kolektif.

Tout Dwa Rezève
Le tout au pluriel magazine
Nou se zye ak zòrèy ou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!