Ayiti/Ti kozri sou Imigrasyon: Ayisyen ki ap viv nan Etazini gen top kategori estati imigrasyon sa yo, yo tout gen avantaj yo ak limitasyon yo.

Ayiti/Ti kozri sou Imigrasyon: Ayisyen ki ap viv nan Etazini gen top kategori estati imigrasyon sa yo, yo tout gen avantaj yo ak limitasyon yo.

Kite m pran men w pou m mennen w andedan dhs jodi samdi 6 avril 2024 la:

Depi ou imigre Etazini wap tonbe nan youn nan kategori estati imigrasyon sa yo: Citizens, Residents, TPS, DACA, Paroles….

Jiskaprezan anpil deba ap fèt sou kesyon “citizen” kòm yon estati imigrasyon daprè espesyalis nan domènn lan, men pou byen ateri sou sijè a nou pap antre nan deba sa jodi a nap konsidere l kòm premye estati ki genyen nan imigrasyon.

✔️ Citizens: Anpil Ayisyen gen estati sa pa bò isi swa yo fèt nan peyi a swa yo genyen “citizenship” paske yo natiralize aprè yo te gen rezidans yo. Moun sa yo jwi tout priviléj, tout privilèj peyi a bay tankou travay nan kèk biwo Leta, poze kandidati kòm prezidan ak sèl ti diferans andedan menm “citizenship” sa li mande fòk manman w te pouse w nan peyi a menm pou vini prezidan.

✔️Residents: Kategori sa gen dwa rete nan peyi a san pwoblèm men yo pa ka vote (general election), yo gen anpil privilèj tou men pa menm jan ak “citizen”, yo kapab aplike pou vini “citizen”, jwenn èd pou yo ale lekòl, aplike rezidans pou fanmi yo ki andeyò peyi a ak lòt ankò.

Koulye mwen kote mwen te vle rive a, tou 2 estati anlè yo, moun sa yo pa gen pwoblèm veye kat travay, yo pa jwen diskriminasyon nan chèche travay, yo pa gen pwoblèm jwe pyon pou yo chèche marye ak yon abòdyò pou regilarize estati yo.

Lòt kote yo pa gen pwoblèm jwenn èd Leta pou yo ale lekòl, yo pap veye depòtasyon. Politisyen pa itilize yo pou fè politik okontrè yo bezwen “citizen” pou vote nan eleksyon paske yo konnen yon moun ki gen rezidans se yon potansyèl “voter” se jous yon kesyon tan.

✔️ Menm lè gen anpil konfizyon nan kategori moun ki pa gen ni you nan lòt nan 2 sa mwen sòt esplike anlè a, men map fokis sou sa ki plis konsène nou kòm Ayisyen.

Asylum: Yon moun ki gen azil se yon moun ki kite peyi li ak entansyon pou li pa tounen poutèt anpil rezon tankou politik, religyon ak lòt ankò. Men malerezman menm azil sa kreye ankò yon ti kategori ki pa ofisyèl men moun sa yo tonbe anba “asylum pending” paske yo konn ap kouri sou 6, 8 an yo pa janm pase devan yon jij. (Fòm I-589).

Refugees: Daprè definisyon an tout moun ki te mande azil epi ki jwenn li yo se refigye , moun sa yo vin jwi avantaj moun ki gen rezidans yo genyen ak lòt ankò nou pa ta panse jiskaske yo ka deside janbe pou rezidans epi “citizen” tou.

TPS: Estati sa mande pou fokis sou “T” paske l vle di ou la pou yon titan, ou Etazini paske peyi w pa bon jou peyi ou ta bon yo ka mande w fè valiz ou. Pou rezon sa tou anpil moun jwe kwen pou kite l paske yo pa wè kote rezidans lan ap sòti.

DACA: Moun ki gen estati sa yo se timoun ki te vini isi tou piti ak paran yo, yo retwouve yo preske menm jan ak moun ki gen TPS, jij toujou ap manyen ka sa yo preske kanpe yo pou bay estres, li pa estab nonplis menm jan ak TPS.

Parole: Tout moun ki vini sou pwogram Biden lan ni moun ki te pase sou fwontyè, san konte sa ki te tonbe pa bato, nou tout tonbe anba #Parole. Nan mitan manm kategori sa gen yon bagay pou souliye, moun sou Pwogram Biden lan pa nan zafè tribinal men moun ki te pase sou fwontyè oubyen te vini sou bato dwe pase devan yon jij, sa ka rive yo ba ou yon lane men konnen yon jij dwe pran yon desizyon sou ka ou an.

Pou avantaj nou pa vreman gen avantaj sistèm lan bay ke fè kat travay, fè kèk lòt bagay ankò ki pa gwo men lè chalè a monte nou pa alabri tou.

Pou m fini janm di l pa òd la nou dwe avanse pou estati ki bay plis avantay, kòman nou dwe fè sa?
Acdrivingsch plis jere bagay sa yo nou ka kontakte l.

La rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !

renearisthè[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazine nous vos yeux et vos oreilles !

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39