Bonjou pou ou menm! Jodi 28 oktòb la, jounen entènasynal lang kreyòl, n ap mande Leta sitou nan volonte pou Lang kreyòl la vin poto mitan nan aprantisaj peyi a, yon fason pou n asire n envestiman nan dimèn Edikasyon an ap itil epi ap pote fwi. Tout moun konnen pi bon mwayen pou yon moun aprann epi kapte KONESANS SE NAN LANG MANMAN L.

Bonjou pou ou menm!

Jodi 28 oktòb la, jounen entènasynal lang kreyòl, n ap mande Leta sitou nan volonte pou Lang kreyòl la vin poto mitan nan aprantisaj peyi a, yon fason pou n asire n envestiman nan dimèn Edikasyon an ap itil epi ap pote fwi. Tout moun konnen pi bon mwayen pou yon moun aprann epi kapte KONESANS SE NAN LANG MANMAN L.

Leta dwe pran ANGAJMAN tout Dokiman L ekri nan lang kreyòl dabò.

Se pa nòmal pou tribinal yo kontinye ap fè jijman nan lang franse. Li lè, li tan pou CSPJ pran dispozisyon tradwi tout Lwa yo nan lang kreyòl.

Lang nou se:
DIYITE nou!

Lang nou se:
IDANTITE nou!

Èske nou konn pawòl pèp la ki di: “pale Franse pa di lespri.”

Ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
28/10/2025

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!