Bonjou tout moun! Premye oktòb Premye jou Lane administratif Peyi nou Ayiti Premye jou Ane lekòl la.

Bonjou tout moun!

Premye oktòb
Premye jou
Lane administratif
Peyi nou Ayiti
Premye jou
Ane lekòl la.

Ki lekòl?
Nan ki kondisyon akademik?
Nan ki anviwonman sekirite?
Ki nouvo « curriculum »?
Kiyès ki kapab evalye ki kantite
Timoun ki pou tout rezon blije kite lekòl ane sa(depèdisyon)?
Kouman gouvènman akonpaye fanmi yo, lè anpil nan nou konnen enpòtans ak enterè fanmi yo bay koze lekòl la.
Jodi a konsta dwe klè pou nou tout Ayisyen, yonn nan kòz ki fè nou mare nan « fil d’araignée »sa se paske nou bandone lekòl la. Leta, sosyete a pa janm vreman anbrase Kesyon Edikasyon/fòmasyon an.
Leta, sosyete a pa janm mete yo dakò sou ki moun y ap fòme paske yo pa janm mete yo DAKÒ ki peyi yo vle.

Se rezilta sa ki fè premye oktòb sa peyi a leve ak yon lòt misyon entènasyonal k ap vin goumen pou kraze gang. Nou tounen yon laboratwa pou Kominote entènasyonal la teste/fè tout eksperyans politik demantibi
Yon lòt misyon pou kisa?

Ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
01/10/2025.-

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!