Bonne et heureuse année 2024! Kenbe fèm, pa lage! Baudelaire Noelsaint Ansyen Depite Dedin.

Bonne et heureuse année 2024!
Kenbe fèm, pa lage!
Baudelaire Noelsaint
Ansyen Depite Dedin.

Pou lane 2023 a, pèp ayisyen an tap trennen yon sèkèy madoulè, li te monte lesyèl pado anba tout kalamite: gang ak bandi touye yo pa pakèt, kidnapping, kadejak sou fanm ak tifi, malere kou gran nèg lage pou kont yo avèk dirijan nan tèt Leta ki pa sezi pou yo.

Pandan nap sonje tout sa gang ak bandi touye yo, pami yo te genyen pwòp neve pam ki tap viv nan menm kay avèk mwen, nap voye pawòl kouraj bay sila yo ki touche nan chè yo ak nan nanm yo akòz bal yo te pran, akòz kadejak, akòz kidnapping. Nap di yo pran kouraj, jou gen pou li jou.

Pou lane 2024 la, nou vle swete pèp ayisyen an yon lane konba pou nou gen lapè anba otorite yon Leta ki gran moun tèt li. Se pou lapè retounen nan tout peyi a, nan « tèritwa pèdi yo », nan katye yo, sou wout nasyonal yo, nan tout kwen peyi a.

Nap voye souwè « bonne année 2024» pou pèp ayisyen alawonbadè, espesyalman:
– Pou tout moun Dedin ke m te gen lonè reprezante nan chanm Depite a.
– Pou tout dirijan, kad ak militan OPL ki gaye nan tout kwen peyi a ak lòt bò dlo, kap goumen tout kote pou nou jwenn solisyon nan kriz peyi a.
– ⁠Pou tout manm Biwo swivi akò 30 dawout la(Akò Montana) ak manm lòt enstans yo ak tout siyatè yo ki kwè fòk nou kontinye konstwi fòs sosyete pou nou jwenn tranzisyon koupe fache kap mennen nou nan lòt Leta nou vle a.

Bonne et heureuse année 2024!
Kenbe fèm, pa lage!

Baudelaire Noelsaint
Ansyen Depite Dedin.

Sekretè Egzekitif nan Komite Egzekitif Nasyonal OPL.
Manm Biwo Swivi Akò Montana (BSA-Montana).

TOUS DROITS RÉSERVÉS
[email protected] téléphone 50948438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39