CHARLIE KIRK.
Charlie Kirk, 31 an, fondatè Turning Point USA e ki te pwòch Donald Trump, ki arive pèdi lavil Jodi mèkredi 10 septanm 2025 lan , pandan li tap fè yon diskou nan Utah Valley University.
Bal la arive pranl nan kou selon infomasyon nou arrive jwenn sou sit CNN. yon bal ki soti nan yon bilding ki te apeprè 200 m nan distans.
Suspek la toujou nan kouri, e FBI ak ATF ap mennen ankèt sou sa.
Lanmo li lakòz yon gwo reyaksyon nasyonal, ni pami repibliken yo ni pami demokrat yo, ki tout ansanm kondane vyolans politik la.
Charlie Kirk se te yon jèn’n gason ki te gen anpil avni nan zafè politik Amerikin an , se te se jèn’n ki tap monte nan mouvman dwat ameriken an, Kirk te vin tounen yon enfliyansè konsèvatif enpòtan e yon gwo sipòtè Donald Trump.
Journaliste (PF177)
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel