Dinozò yo, apre nou se nou yo, fè pèp la pè
N ap mande èske se yo senpman Ayiti pwodwi?
Prezans yon seri bawon politik ki tranpe jouk nan kou nan tout kalte voksal nan peyi a, moun ki ta dwe nòmalman ap tann santans lajistis, menm lè jistis la nan eta l ye la, tèlman bawon sa yo kraze Ayiti(krim, koripsyon, trayizon…) nan seremoni envestiti Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pa asire pèp la ditou ditou. Ou ta di Ayiti se pichon ki tonbe sou li.
Konsèy la poko menm ka kanpe sou 2 pye l, pou tout bawon/bandi ak kravat sa yo gen tan mete men sou li, gen tan gen kontwòl li.
Konsa, nou fenk kòmanse ap toufe, nou fenk kòmanse ap naje nan tenten. Figi sa yo, jan yo ekspoze tèt yo ak awogans yo, jan yo layite kò yo nan seremoni an, jouk Laprès rive Fè gwo tit ak yo nan tout jounal fè nou tranble, fè nou panike.
N ap poze kesyon sa yo:
Jouk ki kote sa prale?
Èske Konsèy la gen tan siyen Dekrè Amnisi a?
Èske Konsèy la gen tan vyole dokiman li prepare epi soumèt nasyon an?
Èske Konsèy la vle fè nou kwè se mòd moun sa yo sèlman Ayiti pwodwi?
Èske ekip SDP, Fusion, Verite, Inite, Sorel Jacinthe, ak tout lòt yo vle di nou pèp Ayisyen apre nou se nou e se nou k ap toujou kote w wè nou an? Sa vle di anndan salon an n ap trenke chanpay.
Èske sanksyon yo ki pran pa genyen okenn valè, okenn sans nan je Konsèy la?
Èske se Ayiti ki demantibile tèt li, ki kraze Kès Leta, ki defalke ONA, ki dechèpiye CNE, ki vòlò lajan paspò, ki dechèpiye APN, ki te bay tèt li (frais deuxième résidence, lajan pwason, kat telefòn san limit, ak tout lòt nou konnen yo…) pou kont li. Ou byen entèlijannnnn sa yo, bandi legal sa yo ki te dechalbore Kès Leta/peyi y’a?
Pèp Ayisyen si nou pa pale, si nou pa rele anmwe, si nou pa di, fwa sa moun sa yo se dèyè 4 miray pou yo ye, wòch yo pap vin pale pou nou non.
Se pou nou sispann plenyen anndan lakay nou. Se pou nou sispann kriye nan mouchwa. Nou dwe pran responsablite n.
Odasye yo, san koutya yo, pap fè bak. Yo òganize yo pou Manmèl la toujou nan dyòl yo pou y ap bwè lèt la malgre gazèl la/Ayiti sa l ye kounye a.
Yon gazèl yo fin delala deja.
Yon gazèl ki pa gen vyann sou li ankò.
Yon gazèl yo redwi nan zo ak po.
Chemen bouton se chemen maleng. Gouvènman pral fòme, Direktè pral nonmen epi deja yo fè disparèt anpil dosye nan tout administrasyon Leta, lè yo tounen ak tout je chèch yo, tout odas yo y ap fè konnen pa genyen prèv pou pwouve akizasyon yo, zak briganday yo fè yo. Se “chasse aux sorcières” k ap fèt. Se paske blan pa vle wè yo ki fè blan pran sanksyon kont yo. E genyen “entèlektyèl” k ap defann yo tou wi.
Ayiti pa genyen okenn pichon tonbe sou li. Se pa blan yo ki dwe vin mete malpouwont sa yo “en quarantaine” pou nou.
Se pou Konsèy Nasyonal Tranzisyon an pran responsablite l. Si yo genyen REDEVANS ANVÈ BANDI AK KRAVAT YO, se pou yo gen kouraj di nou sa. Konsa plas yo pa la.
N ap fini pou n di:
Èske se Tèz Espageti a Konsèy la ap konfime ou byen Tèz nou tout pouri a, nou tout se menm nan?
Se pa vre nou tout pa menm. Se pa vre nou tout pa benyen nan mikmak la, nan koripsyon an, nan depafini ak Leta, nan malpwòpte a.
Yon lòt Gouvènans nesesè.
Yon lòt Gouvènans posib.
Yon lòt Gouvènans dwe tabli.
Ayiti gen moun!
Marcel Poinsard Mondésir
27/04/2024.-
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel