Disèt Oktòb Demilvensenk Desandisnèf, (219) lane apre premye zak trayizon sou papa nasyon an (sasinay Anperè Jacques Premye/Jean-Jacques Dessalines) youn nan pi gwo estratèj militè limanite konnen, li te pran tèt batay la pou l te nan kase chenn lesklavaj, pi gwo jenosid nan listwa INIVÈSÈL, pou l te kapab kreye nasyon sa, kote klas politik la, ki pou jodi a, akonpaye pèp Ayisyen an pou kase nouvo chenn yo?

Nou tout nou konnen chenn yo.

Èske kounye a peyi dAyiti genyen yon klas politik?

Ki moun ki Konstitiye klas politik sa?

Ki pwojè sosyete òganisazyon, pati, patikil… nan klas politik sa genyen pou peyi dAyiti?

Ki pozisyon klas politik sa sou tout kalamite peyi a?

Ki pozisyon reyèl klas politik sa sou KORIPSYON ki se youn nan pi gwo kansè peyi a?

Kouman klas politik sa konprann koze ensekirite a?

Ki pwopozisyon klas politik sa genyen pou goumen kont ensekirite a?

Kouman klas politik sa dispoze manyen kesyon Bandi ak kravat ki pou sosyete a se premye responsab kansè ensekirite a?

Kouman klas politik sa wè Òganizasyon eleksyon yo ak prezans gang yo?

Kouman klas politik sa Wè Òganizasyon eleksyon yo nan kontèks enpinite a?

Ki lekti klas politik sa genyen sou tout Rapò enstitisyon kontwòl yo(ULCC, UCREF, CSCCA ak klamè piblik) sou yon seri moun ki anndan menm klas politik sa?

Ki definisyon Sosyete sivil la nan kontèks peyi dAyiti nan moman sa?

Ki veritab fonksyon sosyete sivil la?

Si nou fè jefò pou ta reponn kesyon sa yo ak tout senserite se ta yon gwo kout men nou ta pote nan pèmèt Ayiti reprann chemen lavi.

Écrit par
Marcel Poinsard Mondésir
17/10/2025

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!