Dosye Guy Phillipe. Eske Tiguy se revolisyonè ? Ann kalkile…

Dosye Guy Phillipe.

Eske Tiguy se revolisyonè ?

Ann kalkile…

Yon revolisyonè se yon moun ki deside mennen yon batay pasifik ou vyolan kont yon sistèm pou l chanje l radikalman.

2004, Tiguy mennen gwo batay vyolan kont Titid ak peyi a. Titid tonbe, Tiguy remèt pouvwa a dousman bay mèt batay la. Eske sa se te revolisyon ?

2024, Tiguy pote ankò pawòl revolisyon. Li ap mache pale ak pèp la, yon peta poko tire. Eske nou kwè tout bon Tiguy kont Ariel Henry ?

Poze san nou konpatriyòt mwen yo. M santi pèp la ap chèche revolisyon kote revolisyon p ap janm ye.

Yo di Tiguy vin konbat gang. Tiguy ame jiskodan ak ajan BSAP, li pa mete tèt pou Mariani, Gran-Ravin, Site deDye, epi w toujou kwè nan sa.

Pito nou di Tiguy ap prepare eleksyon, paske se pèp Tiguy ap mobilize. Ou poko kwè ?

An verite se batay sa patron Tiguy voye l fè Ayiti. Tiguy gen misyon sèlman pou mete peyi a an mòd elektoral.

Ann kalkile …

Si w poko kwè, petèt nan tèt ou, ou kapab di Tiguy p ap fè revolisyon vyolan, men pito pasifik.

Ann kalkile ankò…..

Yon sèl fason w ka fè revolisyon pasifik, se ale nan eleksyon epi pran pouvwa pou chanje sistèm nan. Si se sa, pa dim Tiguy pwal jete Ariel. Retire sa nan tèt ou frèm ak sèm yo. Okontrè, Tiguy vini pou alimante deba sou koze eleksyon ki dwe fèt yo. Se nòmal pou Tiguy kritike Ariel paske l bezwen popilarite.

Ou poko konprann toujou ?

Mezanmi, rete tèt frèt. Poze poze nèt. Guy Phillippe pa ka fè revolisyon. Li jis ap chèche pouvwa pou rejenere kriminèl PHTK yo.

*Ou vle konnen vwè revolisyonè yo ?*

Gen moun nan peyi a k ap pale vwè batay pou vwè revolisyon pasifik la. Yo se konbitis yo. Se yo ki di klèman fòk gen yon Leta Sèvitè pou Ayiti. Yo pa kwè chanje prezidan ka chanje peyi.

Sè sèlman Sèvitè yo ki elabore yon modèl Leta konbitik k ap nètman diferan ak Leta predatè aktyèl la.

Sèvitè yo pa nan chanje moun plas, Sèvitè yo ap goumen pou chanje estrikti yo, se konsa moun yo ap otomatikman chanje.

Ekri pa
Sèvitè Fanfan ETIENNE

TOUT DWA REZÈVE

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!