Drame sou wout Obòy Ansafolè : plizyè moun pèdi lavi yo apre yon machin tonbe nan yon falèz
5 jiyè 2026 Yon grav aksidan sikilasyon rive nan aprèmidi dimanch 5 jiyè 2026 la sou wout ki konekte Obòy ak Ansafolè, kote yon machin transpò piblik ki t ap soti nan Okap tonbe nan yon falèz apre yon gwo ròch frape l.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Jod infos an nan men plizyè temwen sou plas, machin nan te pote anviwon plis pase senk(5) moun. Premye temwayaj yo fè konnen prèske tout pasaje yo ta pèdi lavi yo nan aksidan an.
Sepandan, otorite konpetan yo poko pibliye yon bilan ofisyèl sou kantite egzak viktim yo.
Temwen yo esplike gwo ròch la te vin frape machin nan pandan li t ap travèse seksyon wout la, sa ki lakòz chofè a pèdi kontwòl epi machin nan tonbe nan falèz la.
Aksidan sa a lage gwo tristès nan mitan popilasyon an, pandan fanmi yo ap tann plis enfòmasyon sou sò pwòch pa yo. Plizyè sitwayen ap lanse apèl pou otorite yo pran mezi pou rann seksyon wout sa a pi sekirize, paske li deja konnen pou danje li prezante.
Redaksyon an ap kontinye swiv dosye sa a epi l ap pibliye nenpòt nouvo enfòmasyon dèske yo vin disponib.
Jod fednel Honorat
Jod infos
nèg Bono tel: 43076395
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel