Editoryal /Jwèt la gate: Lula da Silva mete gwo pwisans yo devan responsabilite yo

Editoryal /Jwèt la gate: Lula da Silva mete gwo pwisans yo devan responsabilite
yo

Nan yon diskou istorik ki pral make diplomasi mondyal la pou yon bon bout tan, Prezidan peyi Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, poze yon jès kouraj ki souke tab politik entènasyonal la. San li pa kache dèyè bèl diskou diplomatik ki san konsekans, lidè brezilyen an pran defans plizyè nasyon nan rejyon Amerik Latin nan ak Karayib la, tankou Ayiti, Venezyela, Kiba ak Nikaragwa.

Sou kriz k ap sakaje Ayiti a, deklarasyon Prezidan Lula a sonnen tankou yon kout fwa nan figi kominote entènasyonal la: « Kriz Ayiti a kontinye teste limit endiferans kominote entènasyonal la.”

Pawòl sa yo pa nan mwatye manti. Yo mete rido a tounen sou ipokrizi gwo pwisans mondyal yo—tankou Etazini, Lafrans, Kanada, ak lòt manm pèmanan nan Konsèy Sekirite ONU an. Lidè brezilyen an montre klèman mank volonte politik ki genyen pou pote yon solisyon reyèl nan kriz Ayiti a. Pandan n ap gade peyi sa yo ap mobilize plizyè milya dola ak gwo fòs militè nan yon bat je pou lòt konfli jewopolitik atravè mond lan, yo kite dosye Ayiti a ap trennen nan tiwa oubyen yo kontante yo ak ti mwayen ki pa ka regle anyen.

Anplis dosye Ayiti a, lidè brezilyen an voye yon mesaj klè bay gouvènman ameriken an sou kesyon souverènte nasyon yo. San li pa pè pèdi moso nan pwa politik li, li deklare: ** »Brezil pa lakou dèyè kay pèsonn, Prezidan Trump te eli pou gouvène Etazini. Li pa gen dwa gouvène lòt peyi ni enpoze volontel.”

Pou Lula da Silva, prensip la senp epi li dwe respekte toupatou: se pèp venezyelyen an, pa egzanp, ki dwe deside pwòp desten li. Se pa ni Donald Trump, ni okenn lòt pwisans etranje ki gen dwa deside nan plas yon pèp souveren.

Editoryal sa a montre nou yon gwo leson diplomasi: lidèchip pa chita nan rasanble gwo zam sèlman, men li chita tou nan kouraj pou di laverite nan mitan granmoun. Diskou Lula a se yon rèl revandikasyon pou tout pèp ki anba gwo presyon jewopolitik, epi se yon apèl pou yon lòd mondyal ki pi jis, kote lavi ak sekirite yon pèp tankou pèp ayisyen an gen menm valè ak enterè gwo pwisans yo.

Ekri pa: Harry Espoir Michel
Journaliste Directeur, Le tout au pluriel magazine

© Tout dwa rezève
Le tout au pluriel magazine
« Nou se Zye ak Zòrèy ou. »

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!