Eleksyon Jeneral 2026 nan peyi Brezil: Plizyè milyon elektè ap deside avni nasyon an jodi a

Eleksyon Jeneral 2026 nan peyi Brezil: Plizyè milyon elektè ap deside avni nasyon an jodi a

Brezil, 4 oktòb 2026 — Jodi a se yon gwo jou istorik pou peyi Brezil kote plizyè milyon elektè ap deplase pou ale nan biwo vòt yo pou premye tou Eleksyon Jeneral 2026 yo. Depi maten, atmosfè a chaje ak anpil ak fòs sitwayen k ap egzèse dwa ak devwa yo pou chwazi nouvo lidè k ap dirije peyi a.

Pandan jounen elektoral sa a, sitwayen brezilyen yo ap gen pou yo vote pou plizyè pòs enpòtan nan Leta a, pami yo:

* Prezidan Repiblik la
* Gouvènè
* Senatè
* Depite Federal
* Depite Leta

Selon enfòmasyon ki soti nan otorite elektoral yo, biwo vòt yo louvri pòt yo depi 8è nan maten epi y ap fèmen a 5è nan apremidi, selon lè Brasília. Tout je fikse sou rezilta premye tou sa a, paske se li menm ki pral detèmine si eleksyon prezidansyèl la ap bezwen yon dezyèm tou pou deside kilès k ap soti genyen nèt.
Rete branche ak nou pou n ka swiv dewoulman jounen an ak premye tandans rezilta yo.

Ekri pa: Caleb Michel, Jounalis
Medya: Brésil Le Tout au Pluriel Magazine
Nou se Zye ak Zòrèy ou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!