Èske nou dwe dekouraje? Non! Èske nou dwe pèdi lespwa? Non Èske nou dwe di lavi fini? Non Èske nou dwe vijilan? Wi

Èske nou dwe dekouraje?
Non!

Èske nou dwe pèdi lespwa?
Non

Èske nou dwe di lavi fini?
Non

Èske nou dwe vijilan?
Wi

Èske nou dwe mefyan?
Wi

Èske mefyans lan dwe fè nou bay legen/lave men nou tankou Ponce Pilate?
Non

Èske nou dwe kontinye pale youn ak lòt?
Wi

Èske nou dwe toleran/bere Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an?
Non

Èske nou dwe egzijan ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon an?
Wi

Èske nou dakò pou Konsèy Prezidansyèl la fè envantè/audit jesyon gouvènman Ariel Henry a?
Wi

Èske nou dakò pou nouvo ekip yo(KPT-Gouvènman) kontinye tout dosye jistis kont tout moun ULCC ak sendika Travayè nan Administrasyon piblik la di yo nan koripsyon(ONA, OFATMA, OAVCT, APN, AAN, Ministè yo, Palè nasyonal, Palman…)
Wi

Èske nou dakò pou KPT a ansanm ak gouvènman pwolonje manda tout Jij k ap travay sou dosye koripsyon nan tout administrasyon piblik la?
Wi

Èske nou dakò pou gen Vetting ki fèt sou PNH la, Jij yo ak nouvo minis yo?
Wi

Èske nou tout dakò pou dosye krim finansye ak krim sang (Petwo karibe, Karavann Chanjman, Lasalin, Bèlè, Kafou Fèy ak tout lòt …) yo rete nan Tiwa biwo Leta yo pou ravèt ak rat kontinye manje yo?
Non

Si nou dakò ak kesyon sa yo epi ak repons yo, an n fè tout fason pou tout Manb Konsèy Prezidansyèl Yranzisyon an genyen anba Je yo.

Sonje se pa peyi ki fè moun, men se pito Moun ki fè peyi. Konsa, se nou menm Ayisyen toupatou sou laTè ki pou fè Ayiti.

Yon lòt Tranzisyon pou yon lòt Ayiti!

Marcel Poinsard Mondésir
16/05/2024.-

TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!