Jaden Lanmou*! Nan jaden kè w Mwen vle plante lanmou Ak semans limanite Nan lespwa yon rekòt Pandan tout ane a.

Jaden Lanmou*!

Nan jaden kè w
Mwen vle plante lanmou
Ak semans limanite
Nan lespwa yon rekòt
Pandan tout ane a.

Lanmou se sèl danre
Ou kapab plante tout sezon
Tankou nan prentan nèt ale.
Nan bèl jaden lanmou m.

Jaden lanmou
Jaden toupatou
Jaden lakolin
Jaden nan ravin
Jaden nan laplenn
Jaden san mòn.

Kilti lanmou pa gen limit
Nenpòt tè
Nenpòt klima
Avèk ou san erozyon
Pi bon fason pou reziste
Ak boulvèsman lanati
Sitou ak rechofman klimatik
Se simen jaden lanmou.

Nan jaden lanmou
Mwens dlo pou wouze
Jaden lanmou
Se garanti bon rekòt
Asirans bèl flè
Epi bon rekòt.
Jaden lanmou
Rezilta abondans.
Jaden lanmou
Toupatou se kwasans.

Sonje byen
Dlo ak angrè pou
Alimante
Jaden lanmou an
Se nan ou menm menm
Kòm moun yo ye.

Konsa si nou
Devlope lanmou tout bon
Nan mitan nou
Nou kapab rive
Rekòlte yon lòt mond.

Se pa ni yon itopi
Se pa ni yon rèv
Se yon reyalite.

12 janvye 2010 kite nou pi mal
Si nou fè jaden lanmou
N ap rekòlte diyite
Yon nanchon pot nan nanm li.

Yon tèks de
Marcel Poinsard Mondésir
13/01/2024.-

TOUT DWA REZÈVE [email protected] téléphone ☎️ 50948438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39