« Jodi 16 janvye 2026 la, nap lanse yon alèt bay otorite yo sitou sa yo ki nan depatman ki pa touche pa zak zago loray viv ansanm yo. »

« Jodi 16 janvye 2026 la, nap lanse yon alèt bay otorite yo sitou sa yo ki nan depatman ki pa touche pa zak zago loray viv ansanm yo. »

Nou konen lè bato ap pwan dlo,rat se premye vivan kap kouri kite bato a.Nan sans sa nap atire atansyon tout otorite ki an chaj sekirite nan depatman yo pou yo pran mezi ki nesesè pou pwoteje antre depatman yo : pwoteje fwontyè nò ak nòdwès,fwontyè nò ak latibonit,fwontyè nò ak plato santral. Menm mezi sa yo valab pou gran sid la ,sitou pou sa ki gen a wè ak tout mwayen sikilasyon ki relye gran sid la ak lwès.
Nou konseye otorite yo pran tout mezi pou kontwole wout nasyonal ki travèse depatman yo.Nan menm lide sa li ta enpòtan poun ta reyaktive pòs polis ki nan tèt pilboro a epi ranfòse Borgne.

Nap di bravo pou PNH ak FADH pou gro travay yap fè nan lwès la,men travay sa pap itil anyen si nou pa anpeche zago loray yo vini lakay nou,nan depatman yo.

Yon sèl dwat pa manje gonbo.Si konia leta deside lap frape bandi nou menm nan rejyon yo nou dwe jwe patisyon nou tou.Konsa :
Nou mande pèp la yon mouvman kole tèt nan la pè pou nou defan dwa moun zòn pedi yo genyen pou yo jwen sekirite tout kote yo ale nan peyi a,pandan nap mande pou pèp la rete veyatif pou anpeche move zangi pa antre nan mitan nou.

Nap mande mouche leta pou li mete pwogram ki pou ensite moun yo retounen lakay yo pandan lap bay akonpayman pou sekirite zòn yo.

Nou mande prese prese pou yo mete sou pye yon plan pou sekirize Gran Nò a ak pwoteje sitwayen yo.

Inisyativ Patriyòt Maryen ap kontinye travay pou devlòpman rejyon Maryen an pandan lap goumen pou desantralize Hayti.

Par
Gluck Theophile, kowòdonatè Nò

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!