Kafe Sivik vandredi 2 oktòb 2026
DEPI PIBLIKASYON DEKRÈ ELEKTORAL La NAN DAT MADI 2 JWEN 2026, DELEGEVIL KRAZE, LI PA EKZISTE ANKÒ.
Otorite Kolektivite Tèritoryal yo,
Bonjour!
Daprè Dekrè Elektoral 2 juin 2026 la, Gouvènman ( kòm se li ki siyen Dekrè ya) ak Konsèy Elektoral( ki aksèpte aplike Dekrè ya) KRAZE OFISYÈLMAN
DELEGEVIL YO.
Depi DELEGEVIL PA EKZISTE ANKÒ, logikman tout ÒGANIZASYON DELEGEVIL KRAZE TOU, sa vle di LETA PA REKONÈT :
1) DelegeVil nan 148 Komin’ yo;
2) Asosyasyon Depatmantal DelegeVil;
3) Federasyon Nasyonal DelegeVil ( FENADEVI).
Depi 2 JWEN 2026, DELEGEVIL MOURI daprè DEKRÈ ya.
Tout ANSYEN DELEGEVIL yo ap fonksyone SÈLMAN nan PATI POLITIK yo.
PATI POLITIK YO pa REKONÈT TOU DELEGEVIL.
Sa fè mwen mal anpil, paske PATI POLITIK yo AKSEPTE sa Gouvènman ak Konsèy Elektoral la DESIDE.
Se yon SÈL DOSYE ASÈK ka defan’ ak DelegeVil , se FRÈ SESYON Gouvènman dwe jous nan Premye JWEN.
APATI 2 JWEN 2026, Gouvènman pa dwe DELEGEVIL yon Goud.
Se SÈLMAN ASÈK ki gen dwa resevwa FRÈ SESYON.
Se pou sa KLÈ nan tèt ANSYEN DELEGEVIL yo.
Yo pa gen DWA METE PYE YO nan LAKOMIN’ Kòm OTORITE.
YO PA CHÈF ANKÒ, yo se yon SENP SITWAYÈN Ak SITWAYEN.
Patriyotik salitasyon
Hérard LOUIS
Jenèv, vandredi 2 oktòb 2026
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel