Kesyon vèvè ki sou mayo Seleksyon Nasyonal la pa yon bagay ki apèn parèt. An reyalite, mayo sa yo te la depi kòmansman mwa jen pase a, pou Gold Cup la ak match eliminatwa yo. Men, anpil moun pa t remake sa, oubyen yo pa t wè sa kòm yon bagay ki enpòtan. Se pandan tout zye sou seleksyon an ke sa ap fè deba.
Mwen wè anpil kòmantè sou sa. Donk, kisa mwen panse ?
Anvan tout bagay, tout sa ki mete kilti nou an valè, merite plas li. Toutotan se pa yon bagay ki sòti lòt kote, ki pa fè pati idantite nou, pa gen okenn pwoblèm reyèl. Epi ann sonje : pa gen twò lontan, Saeta te mete imaj yon legliz sou mayo nou yo tou.
Men, Seleksyon Nasyonal la se plis pase yon ekip foutbòl. Se youn nan senbòl ki rive rasanble tout Ayisyen, kèlkeswa ras yo, kwayans yo oswa orijin yo. Relijye oswa ate, nwa kou milat, kèlkeswa istwa pèsonèl nou, lè Ayiti antre sou teren an, kè nou tout bat menm jan pou ekip la.
Se poutèt sa yon enstitisyon ki gen yon pouvwa rasanble konsa pa ta dwe tounen yon sous divizyon pou yon senp desen. E se sak fè pou mwen, mayo nasyonal la dwe rete net, inivèsèl, pou chak Ayisyen ka mete l ak fyète, san okenn baryè kwayans oswa sansiblite pèsonèl.
Li ka sanble yon detay, men nan yon sosyete ki tout tan ap divize pou opinyon diferan, yon ti bagay konsa ka rale tansyon ki pa nesesè. Ak Mondyal 2026 lan k ap pwoche la, plis pase tout lòt moman, seleksyon an pral vin senbòl tout nasyon an. Fanatik yo dwe santi yo alèz nèt lè yo mete koulè peyi a sou do yo nan stad yo oubyen nan salon lakay yo.
Pa gen anyen ki grav, se vre, men pou pwochen mayo yo, li ta saj pou Saeta ak FHF pran mezi ki nesesè pou yo bay yon imaj ki kapab reprezante tout Ayisyen, san okenn eksepsyon. Yon imaj ki ini, ki leve nou, ki rasanble nou alantou sèl bagay ki konte an ki se AYITI. 🇭🇹
Écrit par :
Caleb Jephté Pierre via son compte Facebook.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel