*Pèp ayisyen an pa dwe janm bliye dat madichon sa yo sou rejim diktatoryal makout Duvalier yo.*
*Ki wòl lame fewodal grandon, ki te pote mak fabrik USA, te jwe sou rejim makout-fewodal la?*
*28 novanm 1980- 28 novanm 2023: 43 lane deja!*
*28 novanm 1985- 28 novanm 2023: 38 lane deja!*
Sou rejim diktatoryal makout Duvalier yo, 28 novanm, se te yon dat madichon pou pèp ayisyen pa janmen bliye nan Listwa l.
Genyen yon pawòl ki di: Si yon pèp bliye Listwa l, li kondane pou l reviv li ankò. Se pa manti. Sitiyasyon pèp ayisyen an ap viv jounen jodi a montre trè klè anpil moun ta vle fè pèp ayisyen an bliye Listwa l pou l kontinye pran manti nan bouch bouwo yo, kolon yo. Si pèp ayisyen pa rete vijilan anpil machann mikwo nan medya yo ap fè yo pran viktim yo pou bouwo epi bouwo yo pou viktim. Y ap fè viktim rayi viktim parèy yo pou yo renmen bouwo ak kolon yo.
*Ki sa k te pase 28 novanm 1980 nan peyi Ayiti?*
28 novanm 1980, rejim makout Duvalier yo te fè yon pote boure sou medya yo nan kapital la. Solda nan lame fewodal tonton sam la te fè yon sèl ak tonton makout Duvalier yo pou te mache kraze radyo ak jounal nan peyi Ayiti, ki pa t mete dlo nan bouch yo pou te kritike machwè won yo. Li te arete yon bann jounalis pandan kèk nan yo te rive gentan chape poul yo pou pa t pase anba woulo konpresè rejim teworis fachis Duvalier yo, ki t ap bwe san pèp ayisyen san gade dèyè.
Men non kèk jounalis ki te viktim rejim diktatoryal makout Duvalier yo, ki te jwenn benediksyon gouvènman Etazini an, nan dat 28 novanm 1980 nan Pòtoprens: Anthony Pascal alyas Konpè Filo, Lilianne Pierre-Paul, Jean Léopold Dominique, Henry Alphonse, Michèle Montas; yo tout t ap travay nan radyo Haiti-inter nan epòk sa a. Jacques Jean-Baptiste, Voix de l’Amérique, (VOA- Kreyòl), Elsie Ethéart de Radio Métropole, Jean-Robert Hérard, auteur de l’ouvrage «Le Temps des Souvenirs : Le Mouvement démocratique en Haïti 1971-1986» sou rejim diktatoryal Jean-Claude Duvalier; Nicole Magloire (militant dwa moun, Vivianne Duroseau, Jean-Jacques Honorat, ki te vin PM sou rejim koudeta Raoul Cédras nan lane 1991 aprè koudeta militè USA 29-30 septanm 1991; Hérard, pwofesè nan inivèsite, Marcus Garcia, ki se direktè jounal Haïti en Marche ak radyo melodi, Pierre Clitandre, ekriven nan jounal Petit samedi soir (PSS)
*Ki sa k te pase 28 novanm 1985?*
5 lane aprè, 28 novanm 1985, rejim makout teworis Duvalier yo te bwe san 3 elèv nan Gonayiv, lè pèp la te leve kanpe, men non yo: Jean-Robert Cius, 19 lane Mackenson Michel, Daniel Israël. Se lame fewodal grandon makout ak tonton makout Duvalieris yo ki te louvri kout zam sou lekòl yo nan Gonayiv epi touye 3 elèv epi blese plizyè dizèn moun poutèt moun Gonayiv te di NON mil fwa NON a rejim sanginè Duvalier yo. Se gwo leve kanpe sa a ki te pote ale rejim tòsyonè sa a 2 mwa aprè, 7 fevriye 1986.
*Ki wòl lame fewodal grandon USA a te jwe nan epòk sa a?*
Non sèlman lame fewodal la te kite rejim sanginè Duvalier yo ap bwè san pèp la chak jou, men li te patisipe nan bwè san tou. Lame a se te bra ame rejim makout-fewodal Duvalier yo. Duvalier te fè l tounen domestik rejim li an pandan 29 lane (1957-1986)
Men kèk agiman solid nan listwa premyè Repiblik nèg sou latè, Ayiti, ki montre lame fewodal tonton makout ak tonton sam lan te dwe kraze tounen farin:
1- Aprè asasina papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines; tout gwo potanta nan lame t ap batay pou tè, yo pa t kontinye defann REVOLISYON anti-esklavajis, anti- kolonyalis la. Lame endijèn lan te tounen yon lame fewodal nan men kals dominant kont mas pèp la epi li kont tout fòm chajman nan nouvèl sosyete a.
2- Nan lane 1825, lame fewodal la pa t defann jèn Repiblik la, lè Charles X te voye plizyè bato nan lanmè peyi Ayiti pou te fòse prezidan Boyer peye dèt lendepandans lan, 150 milyon lò.
3- Nan lane 1915, lame fewodal la pa t bay okenn rezistans a debakman blan meriken sou bout tè papa Desalin lan. Lame fewodal te prefere kolabore ak okipan yo, ki te pèmèt yo pase 19 lane sou bout tè papa Desalin lan.
4- 30 lane aprè, lame fewodal la te kite diktati Duvalier a pase lonè l anba pye epi kolabore ak diktati a pou tabli yon rejim tèrè, opresyon, sanginè nan peyi a. Duvalier te fè lame fewodal la tounen yon lame domestik pou defann l kòm diktatè pandan y ap touye pwòp pitit tè a.
5- Duvalier te touye nan lane 1964, 19 ofisye nan lame, san okenn reyaksyon nan tèt lame a, san n pa bliye masak li te fè sou plizye ofisye lame a nan dat 26 avril 1963.
6- 29 novanm 1987, lame domestik Duvalier a fè yon masak sou moun ki ta pral vote nan premyè eleksyon peyi a t ap konnen aprè diktati Duvalier yo.
7- 26 avril 1986, nan zòn Fò dimanch, lame domestik Duvalier ak Tonton sam lan fè yon masak sou pèp la pandan yon mach ki t ap fèt nan memwa viktim rejim diktatoryal la.
8- Nan dat 20 jen 1988, lame domestik Duvalier ak blan rasis meriken an fè yon koudeta sou yon prezidan yo menm te mete nan Palè a, Leslie Manigat.
9- Nan dat 29-30, lame Tonton makout ak tonton sam lan fè yon lòt koudeta kont volonte pèp la, malgre tout apèl ki te lanse pou tabli bon jan relasyon ant lame pèp. Lame fewodal grandon an di l pa nan zafè pèp.
10- Lame fewodal grandon domestik rejim makout Duvalier pa t ap defann enterè peyi, teritwa a fas a anvayisè etranje yo.
11- Nan lane 1937, lame fewodal grandon te kite Trouillot masakre 35 mil Ayisyen sou fwontyè Dayabon-Wanament lan, yo te rele l masak pèsil. Prezidan nan epòk la, Stenio Vincent te deklare lame fewodal la pa ka fè 2 zè tan konba.
Yon lame ki pa t ka fè 2 zè tan konba fas a yon lòt lame, kisa l te itil?
Nan lane 1988-1989 sou jal Prosper Avril, lame fewodal la te lage nan kase magazin anba lavil la ak aktivite zenglendo nan tout peyi a.
Lame fewodal grandon domestik Duvalier yo te deja kraze tèt li depi lè kazèn Desalin t ap goumen ak Palè, plizyè antite nan lame a te deja kraze, tankou: kò leyopa a, asasina kolonèl, Jean Claude Paul nan kazèn Desalin lan……
Tonton makout Duvalier yo pa t respekte gwo chabrak nan lame a. Ti solda te leve kanpe kont gwo chabrak yo, jeneral, kolonèl…….
Nan dat 17 septanm 1988, mouvman ti solda yo te kapote gwo chabrak yo aprè masak nan legliz Saint Jean Bosco a, 11 septanm 1988.
Aprè tout eskandal sa yo, pèp ayisyen te leve kanpe pou l te di byen fò: kraze lame fewodal grandon makout blan rasis meriken te mete kanpe nan lane 1915 epi Duvalier te domestike l pou pwoteje enterè klas dominant yo andedan kou deyò peyi a.
*Ki lame y ap defann la a?*
Ayiti bezwen yon LAME POPILÈ ki genyen gason ak fanm vanyan, dyanm menm jan ak Lame endijèn liberasyon nasyonal Jean Jacques Dessalines, Kapwa lanmò, Charlemagne Péralte, Pierre Suly, Benoit Batraville, Sanite Belair………..
Ayiti pa bezwen yon lame restavèk kolon enperyalis yankee rasis ak boujwa malpwòp salòp sankoutya koutye miltinasyonal yo.
Sal Redaksyon Jounal Le tout au pluriel magazine via
PL.
TOUT DWA REZÈVE [email protected] TELEFÒN
509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.



Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel