Koudeta
Koudfòs
Kou foure
Kouman nou kapab batize aksyon 4 sektè sa yo(EDE-RED-Compromis, Pitit Dessalines, Accord 21 Décembre, Collectif des Partis Politiques du 30 janvier)?
Anpil nan estrikti sa yo ki tete lèt PHTK, makout, lage Ayiti nan twou l ye la a, sa esplike rezon ki fè yo chwazi Premye minis lan san okenn respè Règ jwèt ki defini yo.
Èske Konsèy Prezidansyèl la, ak kou foure sa, vle bay pèp la yon so kabrit?
Se vre, 4 sektè yo degaje yon majorite; men se pa eleksyon ki baz majorite a, se pito sa k sanble Rasanble: kabrit Tomazo, matomann; mete sou sa, se pa yon Palman.
Konsa, majorite fiktif sa pa ba yo okenn dwa pou yo vin gaye jwèt la. Nou pa kwè, posiblite sa ba yo dwa mete Mi nan jwèt la. Okontrè! Sa te dwe devlope yon sajès, yon lespri konpwomi ak yon volonte konsansyèl nan plas “passage en force” la.
Atitid sa pa gen lòt non: “politicard”; mètdam. Sa montre aklè se nan bay move kou, anpil Nègès ak Nèg isit maton.
Li enpòtan pou n di, kalite ak konpetans Ing Fritz Bélizaire pa antre nan deba yo. Pou nou pa di, pèsonaj la, pa responsab sa k pase ya, menm lè li aliye l.
Se 4 sektè yo, nan atitid mètdam yo, nan Konpòtman politicard yo, ki se mak fabrik yo ki responsab, sa.
Aktè sa yo vle fè nou konprann mesyedam apre nou se nou e se ap toujou nou.
Pou 4 sektè sa yo, Tranzisyon Koupe fache a, volonte pou n fè “politique autrement” se yon chimè li ye.
Si nou pa leve kanpe kont demach la, kont “cette façon de faire”, pita ap pi tris, lè nou konnen kisa ki prensipal fèy wout Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an:
Garanti sekirite anndan peyi y’a
Refòm Konstitisyon
Òganize Eleksyon
Demach gwoup majoritè a, montre aklè “gloutonnerie” yo, safrite yo. Sa fè konprann gato a deja separe an 4 Moso epi epi …
Li vle di tou Pwosè kont dechipiyè Leta (Petwo Karibe, ONA, CNE, elatriye) Kriminèl ki fè dlo pa janm seche nan jou pa nan Fèy wout la. Gang yo pral danse kalinda epi AMNISTI yo deja garanti. Se kounye y’a Dyaspora nan kanpe lwen. Matisan fèmen pi rèd.
Nou vle pou 4 sektè yo di nou:
Kote enterè Ayiti nan tou sa?
Èske se pawòl ki di:apre nou, se nou an?
Yon lòt fwa, nou pa mete ankò kapasite ak entegrite premye minis chwazi a, Ing Fritz Bélizaire. Nou senpman fè konnen kou nan do sa, jwèt koken pran tout pou ou a pa ladan l.
Par :
Marcel Poinsard Mondésir
01/05/2024
An n travay tout bon vre nan enterè peyi dAyiti. Se nan sikonstans sa, n ap bay Premye Me a tout valè l.
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel