Kriz Elektoral k ap Vini an 2026: Yon Katastwòf Inevitab si pa gen Dyalòg
Dapre konsta sitiyasyon politik la aktyèlman, eleksyon yo anonse pou dat
13 desanm 2026 la kapab tounen yon gwo katastwòf pou peyi a si pa gen yon chita tande rapid ant divès aktè konsène yo. Li ijan pou gen yon dyalòg serye ant pati politik yo, gwoupman politik yo, regwoupman yo, ak manm Konsèy Elektoral la pou evite pi gwo kriz.
Nan tout peyi sou latè, eleksyon fèt prensipalman pou ak avèk pati politik yo. Men, pou ane sa a an Ayiti, sanble pwosesis la ap trasen yon fason ki mete moun k ap fè politik yo sou kote. Gen yon mank dyalòg flagran ant Konsèy Elektoral la, ki la pou òganize jwèt la, ak lidè pati politik yo. Si sitiyasyon sa a rete jan li ye la a, de senaryo trajik gen gwo chans pou rive.
Premye senaryo a se pou eleksyon yo ta fèt san yo pa jwenn ase kandida ki enskri pou valide pwosesis la. Sa ka rive akoz yon jwèt koken k ap fèt nan sistèm nan, sa k pral lakòz yon katastwòf elektoral san presedan. Dezyèm senaryo a se anilasyon oswa ranvwa eleksyon sa yo nan fen ane 2026 la pou evite gwo kriz la. Inevitabilite katastwòf sa a lye dirèkteman ak manèv koken pou kenbe pouvwa pou yon sèl ekip, yon pyèj ki finalman vire kont pwòp kreyatè yo. Anplis de sa, li lojikman enposib pou eleksyon fèt nan kontèks aktyèl la akoz twòp kontradiksyon anndan Konsèy Elektoral la ak gwo konplikasyon kandida yo ap jwenn depi nan demaraj pwosesis la.
Devan reyalite sa a, li nesesè pou gen yon chita pale prese prese ant dirijan pati politik yo ak Konsèy Elektoral la, anba lidèship Uder Antoine. Dyalòg sa a dwe fèt pou poze pwoblèm teknik yo epi jwenn solisyon apwopriye. Li rekòmande tou pou aktè yo rale yon lòt kalandriye elektoral k ap pèmèt yon pi bon planifikasyon ak yon òganizasyon pi djanm pou tout pwosesis la.
Garry ALLIANCE, ING.AGR
Kandida pou depite nan sikonskripsyon Leyogàn
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel