*Le savoir fait vraiment peur aux bandits légaux et à leurs alliés*
Rien ne saurait justifier cette bestialité sans pareil comme celle manifestée par les bandits réunis sous le label “Viv ansanm”.
Poukisa bandi yo ap wete tout sans, tout valè ekspresyon : Viv ansanm nan?
De tout temps les temples du savoir sont considérés comme des lieux sacrés. Impénétrables et intouchables par les insensés, les imbéciles et les idiots. Mais pas pour les bandits de chez nous. Tous les temples on été souillés puis vandalisés. Et nous voilà maintenant pieds et poings liés. Comment penser/construire l’avenir lorsque tous les centres de diffusion du savoir sont réduits à néant?
Il nous faut une volonté herculéenne pour repenser Haïti 🇭🇹 et le nouvel homme haïtien.
Kòm se Moun ki fè peyi, an n mete moun sou nou(gason ak fanm) pou nou fè peyi nou.
Senpman n ap di ekip Tranzisyon an fòmil la se: ZEWO TOLERANS POU TOUT BANDI. Sitou bandi ak kravat yo k ap tire fisèl bandi ak sapat yo.
Ekip Conseil Présidentiel de Transition an, genyen yon gwo posiblite pou l Ekri listwa. Men pou sa fèt, fòk li dakò demanti fòmil defen premye minis Gérard Latortue ki te fè konnen :”Ayiti se yon espageti”. Tout moun melanje, depi w manyen yon tibranch, ou fenk kòmanse deplòtonnen. Se pou sa, li difisil anpil pou Lajistis aji. Paske konfyolo yo, magouyè yo, dechèpiyè yo tout kote.
Ayisyèn ak Ayisyen ki kwè Ayiti pa dwe mouri, Ayiti pa dwe rete ap rele Yogann, Yogann, Ayiti pa dwe kontinye ap batize ”République bananière” an n òganize n pou fè Commission Présidentielle de Transition” an fèmen tout bon vre chapit “La transition qui n’en finit pas” de Pierre Raymond Dumas. Yon Tranzisyon ki kòmanse, 7 fevriye 1986, ak depa diktatè Jean-Claude Duvalier sou pouvwa.
Aba mounpayis!
Aba kase fèy kouvri sa!
Viv lajistis! ! !
Marcel Poinsard Mondésir
22/04/2024.-
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel