Le tout Sport/Jedson Barlatier:
Avan mw jwe 4èm final mw st louis gen kèk moun mw sipoze pwan tan poum remèsye yo.
Si jounen jodia mw,vinn yon etwal moun sayo se moun ki goumen anpil avèm poum te reyalize kèk bagay nn pakou mw malgre sa nou ap chache yan nou poko trouvel men nap kontinye goumen.
#Dubreus Puyol se yon nèg mw pagen mo pou mw remèsyel pou pakou li nan vim li pwanm tou piti li grandim jounen jodia jiskaprezan mw tande konsèy ou yo mw aplike epi nap vanse ansan’m mèsi Milan De Desgranges
#Josue Barlatier mèsi pou prensip ou te konn ban’m yo pou fason ou fòme mw,tout rèv ou sete wè yon fanmiy ou ap jwe D1 nan peyia
Brom peyia blom men nap kenbe frem mèsi super club.
#Macena Francillon mw pagen mo pou mw diw mèsi premye pakou intèskolè mw pou lise yan mèsi paske ou te lanse mw apre chans sa ou te banm nan mw tou profitel nan vim mw grandi mw retire chapom poum salyew mèsi anpil.
#Moise Elysee frèm papam youn nan nèg ki pranm ki ale lakay mw vinn pale ap papam paske papam pat vle mw jwe football men apre ti chita pale yo tout bagay te byen pase
16 ans mw vinn premye gardien assl
Sou coach moise elysee,apre lite mennen’m nn staj nan seleksyon wan 2016 mèsi brom
#Benet Mareus Milien se yon pèsonaj ki grandim anpil konfyans li fèm menm mw pat jan’m fè tèt mw li pafwa mw konn panse kapran Goal men coach milien depim anba kan li konnen lise 0-0 mèsi brom.
#Junior Romondt mèsi pa sifi pou pakou’w nan lavim ou grandim nan tout sans mèsi bro nap focus
#Wilsun Laleau mèsi anpil nan tout moman difisil mw yo ou te kanpe avèm pap janm bliyew nn vim.
Rekonesans pa yon lachte, mw renmen nou sete aigle 🦅 royal.
✍🏻Jedson Barlatier
Tèks Promo hit tv.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel