Le tout Sport/sosyete : Gen yon reyalite ki kache dèyè lè kèk jèn jwè ap kite Ayiti, yo pa vle medya pale de yo. Sa fè m poze tèt mwen anpil kesyon… men, gen yon verite reyèl ladan l.
Kapitèn seleksyon U17 la, Miguel Joseph, ki t ap pale nan mikwo kèk konfrè nou nan Katar apre eliminasyon Ayiti nan Mondyal la, ansanm ak Kervens ak Kenson, te fè konnen li gen posiblite pou l ale an Frans apre konpetisyon an, e menm gen yon klèb ki deja ap tann li.
Apre deklarasyon sa, paran jwè a te kontakte kèk jounalis pou mande yo retire enfòmasyon an, paske, dapre yo, “yo ka manje Miguel bò lakay li” pou sa
Nan eksperyans mwen, sa yo di a gen anpil verite ladan l. Mwen konnen pafwa gen jwè ki di: “Toutotan bagay yo poko ofisyèl, pa pale de mwen non, svp, tann tout bagay finalize.”
Se jis pou m di nou: An Ayiti, gen yon reyalite mwen poko janm fin konprann — kisa yon moun jwenn nan detounen oswa fè yon lòt mal?
Ekri pa
Merlynehaitipromo
Le tout au pluriel magazine nou se zye ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel