Léogane/ Sekirite Omaj ak komisé polis Léogane nan mesye Jean sony Joseph Louidor

Léogane/ Sekirite

Omaj ak komisé polis Léogane nan mesye Jean sony Joseph Louidor

Mesye Louidor fè prèv yon bon teknisyen, yon bon profesyonel , li pale ak tout moun san distenksyon

Komisé Louidor ap travay préske ak bout zong li pou m pa di san mwayen. Li nan tout ti kwen ak ekip li. Ki pèmet tout zòn ki sanble kote bandi konn lache sou kontrol.

Komisé Louidor travay nan silans, li devan mikwo ak kamera laprès lè sitiyasyon mande sa.

Kontrèman ak lot yo li pa nan propagann. Li pa nan voye moun fè lobby pou li paske li pa nan politik menm jan ak sak pase deja yo.

Depi prezans komisé Jean sony nan komisarya Léogane nan pa gen nèg sivil ame anko nan komisa, komisarya pa sanble lokal pati politik ankò.

Depi misye rantre nan komin nan tout team kraze, eskadron lanmò yo poze, moun pa mouri ankò koz batay kominikasyon nou fè ki bay rezilta sa yo.

Komisè Jean sony Joseph Louidor Léogane apresyew paskew pa sou blof ni ou pa nan fè wè

Bravo chef

Mw te gen dout sou ou lèw fenk vini an, mw pat panse ou te ka fè job la, mw te panse ou tap vin nan pran lang ak rezo kriminèl yo, ekip nèg ki nan eskadron lanmò yo.

Mw te tronpe, ou proven Sam te panse ya se pa sa.

Komisè , an kalite de chien de garde komin nan mw pa fè kado ni flate moun. Mw pran tan pou evaliye w anvan poum voye flè pou yon moun.

Mw pap janm kitew ale poum rann ou omaj sa e ou meritel

Mw vle few yon remak . Ogmante kapasite entèlijans ou sou komin nan . Nou pran plizyè gòl amen deja, bandi toujou vin flannen nan komin nan.

Nap mande ak popilasyon, bnizisman yo, antreprenè yo, óganizasyon yo, diaspora yo pou yo kolabore ak komisarya ki sou lidèship gwo teknisyen sa pou yon Léogane secure ak anpli surte

Léogane daków chef
Écrit par :
Garry ALLIANCE, ING.AGR
Chien de garde de la commune

Le tout au pluriel magazine nous sommes Vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!