Lib-Opinion: Yon 2024 ki te vrèman difisil pou frè ak sè nou yo nan Ayiti cheri nou an. Yon ane kote rèv ak espwa te souvan ranplase pa dezolasyon ak chay lavi.

Lib-Opinion:
Yon 2024 ki te vrèman difisil pou frè ak sè nou yo nan Ayiti cheri nou an. Yon ane kote rèv ak espwa te souvan ranplase pa dezolasyon ak chay lavi.

Lontan, nou te konn di: “Bon jan lane ap vini,” men jodi a, reyalite fè nou oblije chanje langaj. Nou oblije swete tout moun anpil kouraj, paske se sèlman kouraj ak detèminasyon ki ka ede nou kenbe fèm pandan move tan sa yo.

Malgre tout difikilte yo, n ap kontinye priye epi mete konfyans nou nan Bondye ki gen tout pouvwa nan syèl ak sou tè a. Nap espere ke li, avèk mizèrikòd li, va leve vwa li pou nasyon an. Ke 2025 sa ki ap vini an pote yon chanjman, yon ti limyè espwa ki ka klere nan mitan fènwa a, pou chak fanmi, chak kominote, ak tout yon pèp ki swaf lapè ak amelyorasyon.

Kouraj pou kenbe tèt, espwa pou rete debou, konfyans ke pi bon jou yo devan nou. Bòn Ane 2025 tout moun e Bòn Fèt Endepandans Ayiti.

Ekri pa :
Michel-Ange Gédéon/Viya son Kont Fesbouk.

Salle Rédaction de Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!