Lib-Opinyon
Ayiti deside fè yon ti pale
Ayiti ap di nou
Li pran twòp
Pataswèl
Ayiti ap di nou
Li fin defalke
Ayiti ap di nou
Li lèd anpil anpil
Ayiti ap di nou
Li gen
Twòp delakè
Twòp magouyè
Ayiti ap di nou
Li gen twòp engra
Pawòl k ap di
Premye pèp nwa ki kase chenn lesklavaj
Premye Repiblik nwa endepandan
Nan moman nou ye la, ki valè yo genyen.
Dènye sa Ayiti ap di nou
Si se pou yo te fè l ap trennen konsa, enben li regrèt egzistans li.
Pa
Marcel Poinsard Mondésir
12/06/2025.-
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel