Lib-Opinyon:
Ayiti! Otorite ilizyon, rèv oswa
foulay?
Nou panse prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fè yon jijman ki pa kole ditou ak reyalite pèp la ap viv la lè l DEKLARE devan Manb CARICOM yo lavi kòmanse reprann nan peyi a. Ensekirite a ap fè bak, Polis Nasyonal la ansanm ak Misyon Kenya ap vanse. Konsa genyen lespwa.
Kesyon n ap poze tèt nou: Èske se pou fè kominote entènasyonal la plezi?
Èske tout bon vre prezidan Gardy Leblanc Fils kwè nan pawòl li di a?
Poukisa prezidan blije pran chimen sa. Nou toujou tande grandèt yo di li pi bon pou fèmen bouch olye pou w pale pou moun ap mande kisa moun sa a di la a. Sitou lè se yon otorite.
Pa bliye pawòl manti se twou krab nan sab. Li pa fon ditou.
Li fondalnatal pou moun ki genyen gouvènay peyi a nan men yo jwenn yon mekanis pou yo kapab konnen epi konprann sa Ayiti ap viv la, sa pèp Ayisyen ap viv nan moman sa a. Chak fwa yon otorite louvri bouch li, ou mande tèt ou, si se Ayiti sa a y ap pale oswa si se yon lòt peyi.
Pou mesyedam ki di se otorite yo ye oubyen yo nan rèv oubyen y ap fè foulay. Pa gen okenn rezon pou jwe kat blòf la pandan reyalite a ap kreve je tout moun.
Dayè, semenn sa a menm, bandi yo konfime kapasite ak pwisans yo lè yo fòse Premye minis Conille kouri kite lopital jeneral kote l te al fè show off ak yon ekip televizyon CNN.
Misye blije di:”pye sa m manje m pa ba w”.
Epi gade kalvè moun Gresye ak Leyogann. Tablo a pa diferan pou Moun Kwadèboukè ak Gantye. Se nan menm okazyon an 400 Mawozo ekzpoze katafal zam li pou fè konnen “nou menm bandi, nou pap jwe, nou pa nan griyen dan”.
Nou konn konbyen moun ki anba men bandi yo nan peryòd sa a,
Èske otorite yo okouran kouman kriminèl ak sapat yo ap fè fanmi yo chante nan egzijans yo pou kesyon ranson?
Kòm repons ak tout gwo zam mete ak pakèt minisyon bandi yo se ekipman ak materyèl Misyon sekirite ki pa adapte pou yo twoke kòn ak bandi yo. Konsa Ayisyen, nou pran nan sa yo rele :” N ap gen tan konnen”.
Lespwa pèp Ayisyen a nan Konsèy Prezidansyèl la, nan gouvènman Conille an ansanm ak Misyon Kenya gen tan tounen la fimen dife.
Vrè repons kont ensekirite, dechèpiyay bandi tout kalte se pèp Ayisyen an ki dwe bay li e li dwe bay tèt li mwayen pou sa.
Marcel Poinsard Mondésir
02/08/2024.-
Tout Dwa Rezève
Le tout au pluriel magazine [email protected] Téléphone 50948438136.
Le tout au pluriel magazine Nou se zwe ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel