LIB-OPINYON : Kolektif Medya an liy yo (CMEL) ap lanse yon apèl bay tout fòs lòd ak popilasyon ayisyen an, pou di yo/jounalis yo se poto mitan demokrasi nou an, yo se vwa nou nan fè nwa. Nan moman kote ensekirite ap vale teren nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo, fòk nou kite jounalis yo fè travay yo san kè sote.

LIB-OPINYON :

Kolektif Medya an liy yo (CMEL) ap lanse yon apèl bay tout fòs lòd ak popilasyon ayisyen an, pou di yo/ jounalis yo se poto mitan demokrasi nou an, yo se vwa nou nan fè nwa. Nan moman kote ensekirite ap vale teren nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo, fòk nou kite jounalis yo fè travay yo san kè sote.

Li enpòtan anpil pou nou pwoteje moun k ap bay enfòmasyon jarèt nan peyi a. Jounalis yo riske vi yo pou charye laverite a pote bay nou : lakay nou, nan travay nou ak nan biznis nou, elatriye. Nan moman yo sou teren an yo klèman idantifye yo ak ekipman tankou badje, jilè oswa kas ki make « Presse ». An n pwoteje yo ! An n kite yo travay san laperèz !

Nan semèn ki sot pase yo, anpil jounalis gentan viktim move tretman. Yo viktim menas ak vyolans. Yo akize yo pou anyen pandan yo t ap fè travay yo pou nasyon an. Atak sou yo se atak sou libète nou. An n pa kite move zak sa yo detwi fondasyon libète laprès la.

Sonje, jounalis yo pa lènmi nou. Yo se vwa ki pote limyè sou sa k ap pase nan tout bout kwen ak kanton, epi temwen reyalite a nan peyi nou. Yo se vwazen nou, zanmi nou, moun ki toujou ap chèche laverite pou nou. Yo pa fè pati moun k ap fè vyolans, yo menm ankò ap denonse chak jou yo, men se pou enfòme nou, alète nou, epi ede nou bati yon pi bon avni pou peyi nou. Vyolans kont yo se vyolans kont verite a. An n kite yo fè travay yo san laperèz ni krent.

Kolektif Medya an Liy yo ap mande tout moun, kit se polisye, militè oubyen manm nan popilasyon an, pou respekte epi pwoteje jounalis yo. Sekirite yo se yon devwa moral ak sivik. Lè nou pwoteje yo, nou angaje nou nan yon sosyete ki enfòme, jis, ak demokratik.

An n travay ansanm pou pèmèt jounalis yo kapab fè travay yo libelibè, pou byen tout moun. Se avèk respè ak pwoteksyon nou ka bati yon pi bon Ayiti, kote laverite ka yaya kò l. Pa kite laperèz fè nou tounen do bay jounalis yo. An n aji kounye a pou pwoteje libète laprès !

𝘗𝘰̀𝘵𝘰𝘱𝘳𝘦𝘯𝘴, 4 𝘔𝘢𝘴 2025

𝗣𝗼𝘂 𝗞𝗼𝗹𝗲𝗸𝘁𝗶𝗳 𝗠𝗲𝗱𝘆𝗮 𝗲𝗻 𝗟𝗶𝘆 𝘆𝗼 (𝗖𝗠𝗘𝗟) :

Dieudonné ST CYR, Sekretè Jeneral.

Raynald (Kenny) PETIT-FRÈRE, Kowòdonatè Jeneral.

Robest DIMANCHE, Pòt-Pawòl.

𝗞𝗼𝗻𝘁𝗮𝗸 𝗽𝗼𝘂 𝗟𝗮𝗽𝗿𝗲̀𝘀 : (509) 3676-9600 / 4147-4004 / 4311-7481 / 4416-1111

[email protected]

Le tout au pluriel magazine Nou Se zye Ak zòrèy ou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!