Lib-Opinyon :Maten an mwen gade m nan glas, mwen di tèt mwen kòm Ayisyen kijan mwen wè m nan glas la?
Mwen tande yon vwa ki di momchè sa w ap fè la?
Ou pa wè ou pa fin twò kodyòm
Ou pa anfòm
Ou pèdi anpil nan mounite w
Ou pa wè jan w tounen “pigeon voyageur”
Ou pa wè jan anpil peyi pa respekte w, yap gade w “de travers”.
Vwa di m anpil pawòl ki choke m, ki pote m plonje nan yon refleksyon pou m al fouye anndan m kòz ki fè Ayiti, peyi m rive la, tounen “le dindon de la farce”.
Epi lè m vin reprann mwen, mwen se paske se
yon bann otorite dyòl bòkyè,
yon bann otorite “au rabais”
yon bann otorite rachitik
yon bann otorite “ti sezi”
yon bann otorite “matuvu”
yon bann otorite pa te kwè
yon bann otorite pat espere
Otorite sa yo sèl sa yo fè pi byen sou pouvwa se
kouri ranmase tout sa yo ka pran depi vit vit.
Otorite sa yo tounen malfini depi yo vole Fòk yo ranmase kanmenm menm lè se pay yo pran. Paske tout lojik yo se pwofite tout jan yo kapab nan ti bout tan yo sou pouvwa.
Pou otorite sa yo koze peyi, koze pèp, koze planifikasyon, koze sekirite pa ekziste nan vokabilè yo. Sèl pwojè yo se RANMASE tout sa yo kapab pou Jou yo pa la ankò, yo pa regrèt.
Panse peyi, panse Pèp, Panse Nasyon se dènye Rèv yo ta fè nan pouvwa.
Konsa ak mòd otorite sa yo chak fwa m ap gade m nan glas, m ap toujou pa kòdyòm. Se menm imaj l ap ye pou ou menm.
Pou n chanje imaj sa, se dispozisyon pou n debarase Ayiti ak otorite sa yo. Men n ap fè atansyon pou n pa wete trip pou mete pay.
Nou pa nan:
Ni ensousyan
Ni fo demokrat
Ni demon krat
Ni repri de justice
Ni dealer(dilè) dwòg
Ni esklav mantal
Ni Esklav kay
Ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
10/04/2025.-
Tout Dwa Rezève
Le tout au pluriel magazine
Nou Se zye Ak zòrèy.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel