Lib-Opinyon:
Mwa Jiyè sa Dekrete Mwa Rezistans kont Referandòm Enex Jean-Charles-KPT-Gouvènman
Ekri pa : Marcel Mon désir
Se konsa Nèg ak Nègès nan peyi dAyiti sinik. Mesyedam ki nan komite pilotaj Konferans Nasyonal Enex Jean-Charles ap dirije a, yo san okenn jenn, san okenn sousi, san okenn pèsonalite.
Yo dakò livre peyi a ansanm ak tout resous li genyen bay kominote entènasyonal la.
Poukisa mesyedam yo fè yon travay konsa.
Ak Konstitisyon sa, nan pwen manti ekip Enex Jean-Charles la livre peyi a. Tout koze Ayiti Granmoun tèt li, Ayisyen ki pou mèt tè ansanm ak anba tè l se radòt. Tè peyi dAyiti pral vann nan ti gòdèt bay etranje san gade dèyè.
Sa k pou di nou travay bandi ak sapat yo nan fòse nou kite zòn nou, nan mete dife pa genyen arevwa ak kèk atik Konstitisyon Enex Jean-Charles la.
Se tout bon vre Ekip Konferans Nasyonal la “sous la houlette de Enex Jean-Charles” dakò trayi memwa Senatè Turneb Delpé lè se “en catimini” li ekri yon Konstitisyon pou Mèt li “le blanc” kote li bay yo dwa pou mete men sou pi gwo resous peyi a.(Tè nou yo)
Poukisa “courbette” sa a mesye Jean-Charles?
Poukisa kout gidon sa Komite Pilotaj?
Poukisa trayizon sa KPT lè w siyen Dekrè pou koze Referandòm sou yon Konstitisyon n ap fè pèp la « entériner » san l pa konnen tout fondman l?
Quelle servitude de la part d’une catégorie d’haïtiens dont le pays a tant donné et qui en retour s’érige en traîtres pour le livrer à leur maître le blanc sans aucune pudeur.
An n konstitiye yon veritab Fòs rezistans, yon veritab Dig pou n di Non kont likidasyon Ayiti ak ekip Enex Jean-Charles la.
Pou n fini n ap mande Kowòdonatè KPT a pou l di nou rezon ki fè li chanje kazak jouk li rive fè yon Konsèy Minis pou l siyen Dekrè pou òganize Referandòm pou Konstitisyon Enex Jean-Charles la?
Manje sa pap gonfle pèp Ayisyen an.
MPM
01/07/2025
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel