Lib-Opinyon :
OPERASYON DERASINEN MOVE ZÈB KI SE TEWORIS VIV ANSANM YO
Bonjou chak Ayisyèn
Bonjou chak Ayisyen
Bonjou ou menm ki menm jan ak mwen pa DAKÒ sa n ap sibi/soufri nan kò n ak nan lespri n.
Depi mwen kòmanse genyen lespri mwen aprann lavi a se yon batay li ye. Tout sa w bezwen ou dwe travay pou jwenn li. Konsa, jefò, volonte, detèminasyon se pi gwo zouti moral ak psikolojik ou moun pou w rive kote w deside, dispoze rive.
Sa valab pou tout moun nan tout sikonstans.
Gen yon eleman enpòtan ki pa dwe chape w, ou gen dwa fè yon fo pa, ou gen dwa bite sou wout la, men ou fèt pou w leve epi reprann wout la(repati) ak plis volonte/Detèminasyon toujou.
Nou fè rale sa pou di nou pèp Ayisyen, se vre nou pran kou, nou pèdi moun, nou pran chòk k ap kite tras sou nou pandan tout rès lavi nou, nou pèdi byen. Paske se chak jou ki pase teworis/bandi Viv ansanm yo pi kriyèl, pi sinik, pi san pitye kont nou.
Kounye a se 90% Kapital la Pòtoprens ki anba kontwòl teworis yo.
Malgre tablo san non sa, nou pa dwe dekouraje, nou pa dwe di se fini, nou pa dwe bay legen.
Konsa, nou vin di nou ann konstitiye yon vre chenn solidarite, ann mete kanpe komite Defans nan tout zòn yo pou pwoteje lavi nou ak byen nou.
Ann nou di
Sitirans jamè pa
Tolerans jamè pa
Kouvèti teworis jamè pa
Kouvèti vòlè jamè pa
Teworis yo se san pitye yo ye.
Teworis yo pa konn fanmi
Teworis yo pa konn zanmi
Sèl sa yo konnen
Se
Boule
Vyole
Vòlè
Se pou sa ou dwe genyen patisipe fason w kapab nan batay pou DERASINEN yo.
Teworis Viv Ansanm yo se move Zèb yo ye se DERASINEN pou n DERASINEN yo menm jan nou DERASINEN MOVE ZÈB KI NAN JADEN NOU, Devan pòt nou, nan Lakou nou.
*Nou konnen kouman yo DERASINEN Move Zèb.*
MPM
16/03/2025.-
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel