Lib-Opinyon:
Poukisa gouvènman poko monte teren an?
Sè ak Frè Ayisyen m yo, kouman nou ye anba avari bandi yo?
Chak grenn nan nou genyen yon kote maleng lan ap fè mal.
Chak grenn nan nou genyen yon rezon ki pi fò pase tout sa nou genyen anndan nou kòm rezistans, kòm rezilyans ki pou fè nou dekonstonbre.
Genyen sitiyasyon jeneral la ki pa ba nou okenn chans, okenn posiblite tankou lanmò Doktè Déborah Pierre an. Yon moun dapre anpil sa k ap di te mete konesans li ak imanite l pou ofri yon sèvis òtpòt nan kominote medikal la. Dapre jan anpil moun kanpe Doktè Deborah Pierre, ou ta di se yon Sè Teresa, se yon Sanite Belair nan fason pa l. Li tèlman te gen lespri laj, gade nan kisa li te espesyalize l, jouk mwen li : « la seule femme urologue en Haïti. » dapre sa moun nan pwofesyon an di.
E poutan, bandi san fwa ni lwa etenn souf li ak yon bal mawon devan pòt travay li.
Gen moun ki kapab poze kesyon poukisa lanmò Dr Pierre desounen sosyete a konsa. Li pa premye ki fè vwayaj la nan kondisyon sa.
Moun ki pwononse mòd pawòl sa yo enteryorize kondisyon lavi madoulè sa jouk yo rive admèt « le tout est possible, tout est normal ». Kategori moun sa yo nan « subconscient » yo banalize lavi. Yo tèlman soufri, pou yo lavi ak lanmò tounen degouden ak senkantkòb(deux faces d’une même médaille).
Nou dwe di non, nou fèt pou n di non. Nou dwe kriye, rele anmwe nan zòrèy otorite Leta yo pou pran tout dispozisyon pou montre nou Lavi genyen Sans, Lavi bèl. Se pou sa ou fèt pou batay pou Lavi fleri.
Se nan lespri sa nou ESPERE KPT a ansanm ak nouvo Premye minis la pran Ti tan sa pou prezante peyi a yon gouvènman kote fwa sa anpil nan nou kapab di « pour une fois, ils ont osé ».
Nou swete fòmasyon gouvènman Fils-Aimé a pa abòde ak lojik SEPARASYON GATO.
KPT a ansanm ak Premye minis epi alye yo dwe fini ak lojik « *banm moso pam nan*».
Si apre 48èdtan gouvènman poko soti, dapre nou, KPT a ak Premye minis lan vle mize nan wout, yon fason pou yo pote bon Komisyon pou pèp Ayisyen an.
Menm si nou repete Tèt nou mil fwa, nou pap fatige. Paske fwa sa nou pa bezwen moun k ap vin bla bla bla. « Le temps des hâbleurs est terminé ». Nou swete jwenn Fanm ak Gason ki di Ayiti se pou mwen, Ayiti se peyi pa m, se mwen ki dwe fè sakrifis pou chanje vizaj li.
KPT a ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé dwe depi nan chwa Minis yo antann yo sou kritè yo, sou Misyon ak objektif yo, sou Fèy wout la ki deja trase nan Akò 3 Avril 2024 yo. Minis yo dwe konnen tou sitiyasyon an difisil. Yo anbake nan yon antrepriz kote peyi a ap tann yo trase wout pou lavi kapab fleri, pou lespwa kapab tounen nan mitan fanmi yo. E pou sa fèt premye pwen, pi gwo pwen, premye misyon yo se pèmèt sekirite blayi sou 27 750 km2. Se pou ekip la di tèt yo Tèritwa pèdi a pa dwe egziste nan vokabilè Ayisyen ankò. Pou sa fèt yo dwe bay Tèt yo mwayen.
Dayè KPT a ansanm ak Premye minis la wè kouman bandi yo vin pi mechan. Se dife y ap mache mete nan 4 kwen Pòtoprens. Premye minis lan ansanm ak tout minis yo konnen nan kisa y ap antre. Grandèt yo toujou di: « Timoun pa antre nan jandam».
Nou espere se pa aloufa kèk gwoup politik ak kèk moun ki kwè Ayiti se pwopriyete yo ki fè KPT a ansanm ak Premye minis la pran Titan sa pou n vini ak gouvènman men pito se paske nou vle pou ekip la konsyan sou ki teren y ap vin fonksyone.
Konnen Listwa genyen pou jije nou.
Par :
Marcel Poinsard Mondésir
14/11/2024.
Tous droits réservés [email protected] Téléphone 50948438136.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel