Lib-Opinyon/Sosyete:
Nan malè a gen bonè.
Souvan, lè soufrans anvayi nou, nou kouri san direksyon. Nou ap chape poul nou, nou ap kriye, nou ap plenyen… men nou pa pran tan pou nou panse.
Pandan n ap kouri, si nou te pran yon ti tan pou reflechi, nou t ap wè pwofi nou te ka fè:
pwofi nan leson,
pwofi nan eksperyans,
pwofi nan inite,
pwofi nan chanjman mantalite.
Malè pa toujou vini pou kraze nou; pafwa li vini pou reveye nou.
Li fòse nou poze kesyon nou te toujou evite:
Kiyès nou ye ?
Ki kote n ap ale ?
Ki sa nou vle pou Ayiti ?
Andan malè a, Ayiti gen yon chans.
Chans pou li sispann repete erè yo.
Chans pou li rebati sou konsyans, sou konbit, sou respè, sou travay kolektif.
Chans pou doulè tounen motè, pou laperèz tounen vizyon, pou dezespwa tounen plan.
Si nou sispann kouri pou n kache,
si nou pran tan pou reflechi,
malè a ka tounen lekòl,
e Ayiti ka tounen pwojè.
Paske se pa absans malè ki fè yon pèp gran,
se kapasite l pou transforme malè an bonè.
Par
FONDATION VIVONS L’EXTRAORDINAIRE VIVONS LA LIBERTÉ D’EXPRESSION
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel