Lib-Opinyon:Chak 8 Mas Nou resite menm pawòl yo Se pou yo respekte Dwa Fanm ak TiFi yo.

Lib-Opinyon:Chak 8 Mas
Nou resite menm pawòl yo
Se pou yo respekte Dwa Fanm ak TiFi yo.

Epi chak 8 Mas se toujou menm bilan
Fanm yo viktim twòp
Fanm yo sibi twòp
Fanm yo sou kote twòp nan politik piblik yo.

Chak 8 Mas
Nou repete pawòl Fanm se sous lavi nan divès fason
E bilan se
Plis vyolans
Plis kalamite
Plis chay sou do yo
Tout sa nou konnen k ap redwi ou menm detwi lavi yo.

Pouki tout Ipokrizi sa yo?
Nou konnen pou Dwa Fanm yo
Rive respekte tout bon
Sosyete yo kraze tout baryè
Inegalite ant Fanm ak Gason
Sosyete yo dwe admèt
Youn konplete lòt
Men youn pa pi wo pase lòt la.

Nou konnen
san Fanm
Pa gen lavi.

San Fanm
Lavi pa gen sans
An n goumen tout bon ak Fanm yo pou Dwa yo kapab respekte.
Pou nou bay Lavi tout Sans li.
Pa:
Marcel Poinsard Mondésir
08/03/2025

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!