MACHE TRANSFÈ / VAKANS ETE 2026: GEROME KENZY DEJA SIYEN AK 3 EKIP, PLIZYÈ LÒT ÒF SOU TAB LA!

MACHE TRANSFÈ / VAKANS ETE 2026: GEROME KENZY DEJA SIYEN AK 3 EKIP, PLIZYÈ LÒT ÒF SOU TAB LA!

BONO, Nòdwès (Le Tout au Pluriel Magazine)

Mache transfè pou chanpyona vakans ete 2026 la konnen yon gwo animasyon nan rejyon Nòdwès la. Pami jwè ki plis ap atire atansyon klèb foutbòl yo, non Gerome Kenzy nan tèt lis la. Milye defansif e anmenmtan kapitèn fòmasyon Bono a deja finalize angajman li ofisyèlman ak twa (3) ekip: Accolade FC (Senlwidinò), New Star (Bombadopolis) ak Victory (Bòyèn).

Daprè enfòmasyon eksklizif ki rive nan redaksyon Le Tout au Pluriel Magazine, dosye transfè jwè a lwen pou l fèmen. Gen plizyè negosyasyon ki toujou ankou pou lòt gwo konpetisyon rejyonal tankou Mundialito, Interzone Pòdepè, Latòti, Jan Rabèl ak Chansòlm.

⚽ Yon ranfòsman estratejik ki gen gwo kòt

Bèl pèfòmans Gerome Kenzy deplwaye pandan dènye sezon sa yo transfòme non li an egyen veritab referans nan foutbòl vakans lan nan Nòdwès. Li gen yon gwo kapasite pou l kraze aksyon advèsè yo, rekipere balon ak bay mitan teren an ekilib. Kalite sa yo fè plizyè antrenè konsidere li kòm yon poto mitan ak yon ranfòsman estratejik pou nivo jwèt ekip yo.

Pandan mache transfè a ap kontinye, enterè klèb yo pa sispann moute pou kapitèn Bono a. Si negosyasyon sa yo rive reyalize, Gerome Kenzy kapab vin pami jwè ki pral jwe plis chanpyona pandan ete 2026 la. Sa a se yon prèv ki konfime estati li kòm yon veritab mèt pyès nan mitan teren an ak youn nan jwè ki pi popilè e ki pi chache nan tout rejyon an.

✍️ Ekri pa: Jod Fednel Honorat
📍 Senlwidinò, Ayiti
📞 Telefòn / WhatsApp: +509 43 07 6295
©️ Tout dwa rezève – Le Tout au Pluriel Magazine.
Nou se zye ak zòrèy ou!

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39