Mesaj espesyal anbasadè Etazini an pou jounalis ayisyen yo

Anbasadè Etazini an Ayiti a voye yon mesaj espesyal pou jounalis ayisyen yo, nan okazyon jounen mondyal libète laprès la jodi vandredi 3 me 2024 la.
François Dennis Hankins di li salye kouraj jounalis ak Pwofesyonèl medya an Ayiti yo, kap travay san kanpe nan lide pou enfòme sitwayen yo ak rès mond lan sou sa kap pase nan peyi a.
Yon lòt bò diplomat la fè konnen tou li rete kwè jounalis yo gen yon wòl enpòtan yo jwe nan tout sosyete kote libète ap renye.
Pou fini, li reyafime angajman Gouvènman ameriken an pou soutni ak tout fòs li, libète laprès an Ayiti.
Par Jean Rony Poito PETIT FRERE
Le Placentin
Salle rédaction de le tout au pluriel magazine [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136. NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel