Mon chè m.pat janm.konnen ke ayiti te vid konsa. Anpil moun al lekol se pou yo vinn pi sot. Ayiti gen yon elit intèlektyel ki sot anpil. Yo pat pase timalice genlè.
Neg yo telman pa bon
Yon gouvènman tranzisyon aksepte li nil epi lap fè yon pasasyon pouvwa an dousè men se pa eleksyon ki fet non.
C’ est l’ alternance dans la transition. Gade jan moun yo sot. Neg sòt se byè cho.
Gouvènman dakò yo nil fok yo bay plas la ak yon lot ekip.
Map mande eske neg sa yo te li « timalice aux pays des lettres!.
Mezanmi yo nil.vre wi. Nou tout konn sa. M te di sa lontan.
Men yo dakó yo nil.epi yo demisyoné pou bay yon lot ekip plas la paske yo pa kapab. Gade yo tristès. Apre sa ou pral tandé yo se expè
Apre 31 mwa yo dakó yo nil. Kounia yap prepare pasasyon pouvwa. Se bagay si yon moun te kont wont ou ke ka tou touye tet ou. Siw ou nil kisa ou ka aprann moun?
Mezanmi eskew ka di ou gen lisans, metriz, doktora? Ak gwo diplom ou asepte ou pa konn anyen. Ou gen diplom men ou pa gen konesans. Lew se doktè ou pa gen konesans ou byen konesans la pa bon. Ou se fò doktè paske ensègneman wap bay la pa bon.
Paul Valery disait que le diplome, c’ est l’ ennemi de la culture.
La bible dit : le peuple meurt faute de connaissance. Ki konesans noi genyen?
Bib la pa di fot de diplóm.
Donk diplom pa konesans.
Konesans se konn tet ou konnen anvironman w. Change tet ou change environmanw. Konesans se lèl konprann sa ki reyalite a ou ka fè diferans ant vrè et fo, byen ak mal.
Mezanmi moun yo dwe tounen nan ti malice. Ou dakó ou nil kounia wap prepare pasasyon pouvwa. Ou te fè eleksyon? Gade pwoblèm?
Wol yon tranzisyon se fè eleksyon. An apre 31 mwa menm yon konsey elektoral ou pa kreye epi ou vle rete nan pouvwa pou fé kisa? Developman?
Gade jan nou gaspiye yon peyi yon ekip neg fè 31 mwa yon lot pran fé 24 mwa. Nou antann nou san eleksyon elit politik la pral fè yon manda 5 an san konsantman pèp la.
Se pa pep ki bay pouvwa anko se twit ak Karicom ki bay pouvwa.
Kounia Yap repare pasasyon pouvwa. Yap mande dokiman pou pasasyon pouvwa fet.
Waww. Intelektyel isit anrage.
Kounia kou kasasyon pral resevwa sèmen nouvo chef yo.
Ki wol kou a menm?
Kitem di nou:
Le rôle de la Cour de cassation, c’ est d’ assurer la suprématie de la constitution et de la régle de droit.
Se tankou Ariel pat legal ni legitim men li mete yon kou kasasyon ak CSJP ki legal e legitim. Telman nou magouyè.
Nan demokrazi yon pouvwa se pouvwa se lè li gen pwoksimite ak sifrag inivèsel.
Intelektyel nou yo gen pwoblèm.
Yo gen pwoblèm teori, yo gen pwoblem konsèp.
Yo diw pral mete enstitisyon demokratik yo kanpe nan 24 mwa tranzisyon an. Gade mirak? Genlè se loa kap danse nan tét yo. Se pa posib. Kòman nan tranzisyon ou pral mete entitisyon demokratik kanpé?
Si se pa pou ayiti genyen kòm.elit ayiti pap fè yon pa. Degage nou papa! Nou pa vle wé moun ki konn li tout bon vre!
Mezanmi Ariel pat gen manda men li bay jig manda. Ala peyi gen moun sòt. !
Men mezanmi la Constitution n’ y est pas. Le droit n’ y est pas. C’est le desert tankou Me Gousse ta di.
Fè afew janw konnen men pa kite yo kontinye ap di ke ayiti se koté ki gen intelektyel ki pi sot.
Ou konnen poukisa mas pèp la pa respekté intelektyel ayisyen se paske pèp la wè ki kenbe ti malice la pi byen ke neg ki di yo gen metriz ak doktora.
Manman m di neg yo al lekol pou yo vinn pi sot. Ala de traka tankou Leslie Manigat ta di.
Sonet Saint- Louis.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel