Mouvement Point Final Nòt Pou Laprèss Kote Kanon Citadelle yo pase ?

Mouvement Point Final

Nòt Pou Laprèss

Kote Kanon Citadelle yo pase ?

Mouvman Pwen Final ap mande prese prese ak Gouvènman Garry Conille lan pou degaje l kou mèt Jean Jacques pou yo jwenn kote Kanon Citadelle yo pase ke vagabon ak vòlè san fwa ni lwa te sot retire anndan Patrimwann limanite a kise fyète tout pèp nwa sou latè.

Mouvman Pwen Final ap raple ak Premye Minis Garry Conille ke kèk ane pase, yo te boule legliz Milo a kise youn nan pi bèl achitekti ki gen nan kontinan lamerik lan, jouk kounya yo poko repare legliz Milo a.

Jounen jodi a, Bandi menase pou kraze Palè 365 pòt la ki nan Tirivyè latibonit ki se youn nan pi bèl moniman wayom Henry Christophe la te konstwi.

Mouvman Pwen Final ap kontinye pou l di ak Prem deye Minis Garry Conille, bagay sa yo ta fè sanble ke gen yon plan pou yo detwi memwa ak listwa peyi a.
Se nan sans sa a, Mouvman Pwen Final mande Gouvènman Garry Conille lan degaje l kou l konnen pou l fè nou jwenn Kanon yo ki se memwa Gè lendepandans Peyi Dayiti.

Mouvman Pwen Final ap mande tou ak lidè Pitit Dessalines lan, Moïse Jean Charles, ki se yon ansyen Senatè ak ansyen Majistra Milo e ki se natif natal Milo tou. Eke si li pa nan vòlè Kanon yo nan Citadelle la pou l mobilize rapid rapid popilasyon Gran Nò a pou yo leve kanpe pou yo mande  » Kote Kanon Citadelle yo pase ? ».

Paske Citadelle la se yon gro Patrimwann pou limanite, Kanon yo se moniman ki valorize Citadelle la ki se fyète tout pèp nwa sou latè.

Mouvman Pwen Final mande tout pèp ayisyen sou latè pou n sèmante ansanm 77 fwa 7 fwa nou pap pèdi kanon yo nan Citadelle la pou pita pa pi tris.

Aya boombe !!!

Ulysse Jean Chenet
Coordonnateur général du Mouvement Point Final
(509) 4183 9811/ 4458 0309

TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] Téléphone 50948438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!