Nécrologie:
𝐀𝐧𝐭è𝐦𝐚𝐧 𝐀𝐭𝐢𝐬 𝐅𝐢𝐧𝐞𝐭𝐭𝐞 𝐜𝐡𝐚𝐧𝐭𝐞 𝐣𝐨𝐝𝐢 𝐚 .
Jodi a, nou di orevwa ak atis Finette . Yon fanm talan ki te sèvi ak vwa li pou touche kè anpil moun.
Mizik li ap toujou viv nan memwa nou.
Ke Bondye akeyi li nan lapè li.
Biyografi li :
Finette Pierre Luc se te yon chantèz gospel ayisyèn ki fèt 29 novanm 1991 nan Latibonit. Depi laj 8 an, li te deja montre yon gwo pasyon pou chante, epi mizik te vin tounen mwayen li pou sèvi Bondye. Li te vin popilè nan mizik evanjelik la ak chante « Jezi, dlo ki bay lavi a » an 2016, ki te bay non ak premye albòm li an 2018. Pandan ane yo, li te kontinye touche anpil kè ak mizik tankou « Vi mwen nan men w » ak « Lamantasyon », kote li te pote mesaj espwa, lafwa ak meditasyon, espesyalman pou pèp ayisyen an.
An desanm 2025, Finette Pierre Luc te ap lite ak anemi falciforme nan Repiblik Dominikèn. Malgre tout efò yo, li rann dènye souf li 16 desanm 2025, kèk semèn apre nesans prematire pitit li. Li kite dèyè yon eritaj mizikal ak espirityèl ki pral kontinye viv nan kè anpil moun. 🕊️.
Par
Gasmos News
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel