SOSYETE:
Nègès ak Nèg yo, kouman nou ye!
Se vre, n ap tchoula!

Men, nou pa dwe janm dekouraje gade nan bon direksyon an menm lè loraj la ap gwonde jan l ap gwonde la. Menm lè kay yo ap dekouvri.
N ap mouye anba lapli, nou ekspoze piplis toujou anba bal bandi yo. Men …
M wè chak jou k ap pase peyi a ap anfonse/rantre piplis toujou nan twou pesonn pa fouti evalye pwofondè l. Se pa chwa sa nou te janm fè. E menm lè zòt ap fè tout fo mannèv pou pouse nou bat bravo, pou n sot nan lari pou vin rele yo kòm SOVÈ, sa pap janm fèt. Nou konn gou bouch nou. Nou konn sa nou vle. Nou di JAMÈ, JAMÈ, JAMÈ.
N ap goumen jouk mayi mi pou n rete doubout!
Nou pap pran nan pwovokastyon k ap mennen nou nan Endiyite.
Sa k sèten
Fen bandi yo ap toujou pi mal, pi lèd.
E konviksyon nou ap fè nou rive jwenn ak bout bandi yo!
MPM
31/01/2024.-
TOUT DWA REZÈVE
[email protected]
téléphone
☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel