Opinyon: Yon ti refleksyon sou Akizasyon Kont Moïse Jean-Charles la✍️✍️

Opinyon:
Yon ti refleksyon sou Akizasyon Kont Moïse Jean-Charles la✍️✍️

Ekri pa:Arlette Alain.

Lè nou analize fason non Moise Jean Charles (MJC) site nan lanmò Prezidan Jovenel Moïse, li enpòtan pou nou gade pi lwen pase deklarasyon Félix Badio yo, sitou lè li pa menm asime akizasyon an ak konviksyon. Istwa politik Ayiti montre ke, chak fwa eleksyon ap pwoche, konplo, manipilasyon, ak kanpay dezenfòmasyon ogmante. Se poutèt sa nou ka poze kesyon: èske se yon estrateji pou sal repitasyon yon lidè politik ki ka deranje kèk enterè?

🤔Yon Konplo Politik Posib?

Se pa premye fwa nou wè politisyen viktim akizasyon ki pa gen prèv solid. Nan kontèks eleksyon, opozan politik oswa menm fòs etranje kapab itilize montaj, manipilasyon medya, ak fo temwayaj pou destabilize lidè ki ka reprezante yon menas pou yo. Se pa etonan si MJC, ki gen yon baz popilè epi ki toujou chita sou pozisyon nasyonal li, viktim yon taktik konsa.

🤔Félix Badio: Yon Sous Kredib?

Badio, ki deja gen non li mele nan lanmò Jovenel Moïse, se pa yon moun ki gen anpil kredibilite nan zafè verite. Si li vrèman te gen prèv, li ta dwe mete yo deyò olye li fè deklarasyon vag ki louvri pòt pou tout kalite entèpretasyon. Lè yon moun ki deja akize ap eseye voye lonbraj sou lòt, li ta ka vle plonje tout moun nan menm sitiyasyon avè l.

🤔Yon Estrateji Politik Pou Netralize Adversè?

Nou dwe panse ak sa ki anje la a. MJC toujou montre li se yon lidè ki vle goumen kont sistèm lan. Si yo wè li ka genyen sipò pou eleksyon yo, se nòmal pou gen fòs k ap eseye kraze kredibilite l. Nan politik, yo itilize tout zouti posib: blese repitasyon, kreye dout nan lespri popilasyon an, mete dosye sou do moun san prèv.

San prèv solid, nou pa ka pran chak akizasyon kòm verite. Olye de sa, nou dwe analize ki moun ki benefisye akizasyon sa yo. Èske se yon estrateji pou retire yon kandida potansyèl nan kous la? Èske se yon fason pou divize pèp la pandan eleksyon ap pwoche? Se kesyon sa yo nou dwe poze tèt nou pou nou pa kite politik manipilatif twonpe nou ankò.
Alerte Alain @à la une Djel’hoe Sage Bejamain David Jean Baptiste Avenel Laurent Moise Jean Charles, Secrétaire Général « Parti Pitit Dessalines » Jacques Adler Jean Pierre Page John Wesley Delva Theriel Thelus Fernando ESTIMÉ Fernando Estime John Colem Morvan

Ekri pa : Arlette Alain

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!