PNH/OGMANTASYON SALÈ: APRE ANPIL TAN AP LAPRIYÈ, GRAS LA DESANN
Apre anpil tan ke yo t ap tann, polisye yo pral resevwa kounye a salè ki ekivalan ak grad yo. Se pòt-pawol Sendikal Nasyonal Polisye Ayisyen (SYNAPOHA), Lionel Lazare, ki te konfime enfòmasyon an pou kont FCN Ayiti samdi 6 avril 2024 la.
Bon nouvèl! Polisye yo ki pa t kapab resevwa salè yo dapre grad yo, apeprè de (2) ane pase, pral resevwa kounye a salè yo dapre grad yo apre yon entèvansyon nan men yon ofisye siperyè nan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) nan Ministè Ekonomi ak Finans (MEF).
Desizyon sa a mete fen nan move imè polisye yo ki t ap reklame depi yon sèten tan pou yo peye salè yo selon grad yo. Lionel Lazare, ki te mennen yon batay san pitye pou polisye yo resevwa salè yo selon grad yo, pa t kache satisfaksyon li apre yon nouvèl konsa, li estime ke yon etap enpòtan fèt pou reglarize sitiyasyon polisye yo epi amelyore byennèt ajan lapè yo.
Pi lwen, pòt-pawòl SYNAPOHA a, ki pa sispann defann frè li yo…, swete ke responsab polis la respekte pawòl yo sou salè ki an reta yo ki gen rapò ak grad yo. Li te di, gen kèk ajan ki te resevwa grad, men yo pa janm resevwa salè pou pwomosyon yo.
La rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !
renearisthè[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazine nous vos yeux et vos oreilles !
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel