Pòtoprens-Kapital Ayiti 2025, Vil non frekantab, sòf bandi yo
Pòtoprens premye Vil pi danjere nan mond lan. Bandi ak kravat yo, bandi ak sapat yo, san koutya yo, manfouben yo, politichen yo jwenn sa yo te bezwen an.
Enskri Ayiti, enskri Pòtoprens nan Liv Guiness-Record.
Pòtoprens, kapital Ayiti, yon peyi ki pa nan lagè ak okenn lòt peyi jwenn “la Palme d’or” pou nivo krim, degre egzaksyon, pou kantite vyòl, pou volim kadav, pou kantite tèritwa pèdi(zòn menm moun Fou pa ta dwe mete pye yo ladan l).
Depi 30 Jen 2020, Matisan anba men Izo.
Kounye a se kat(4) pwen kadino yo bandi yo kontwole. “Plume ne grouille”. Ou dwe respekte lòd ak kòd bandi yo tabli. Yo gen dwa sou lavi ak byen tout moun nan espas yo kontwole yo. Chak moun k ap viv nan Kapital la, Pòtoprens, la ville la plus dangereuse au monde, lè w al dòmi pa gen anyen ki di demen w ap leve vivan. Paske bandi ak sapat yo, sou komann bandi ak kravat yo, gen dwa deside simen katouch ak dife nan zòn nan pandan lannwit la. Konsa lavi w tou pase nan pèt ak pwofi.
Depi 2021 rive nan moman nou ye la, kiyès Ayisyen ki kapab di nou konbe plan, konbe kominike CSPN, Wo eta majò Lapolis, Prezidans yo, Gouvènman yo, BINUH, Nasyozini, OEA, CARICOM mete deyò pou di y ap konbat ensekirite a. Yo pase nou nan rizib, yo imilye nou, yo demounize nou. Anpil fwa, yo plenyen pi mal pase popilasyon an. Ou ta di se bandi ak kravat yo ki toujou ekri kominike sa yo.
Rekonpans lan tonbe. Bandi yo kontan. Swadizan otorite yo kontinye ap plenyen. Popilasyon an fenk kòmanse nan kouri. Politichen yo ap planifye pou kontinye vòlò epi pati dèyè pouvwa.
MPM
22/02/2025.-
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel