Reyaksyon Garry Conille, apre Konseye yo chwazi l kòm premye minis Tranzisyon an

Reyaksyon Garry Conille, apre Konseye yo chwazi l kòm premye minis Tranzisyon an

Kèk èdtan apre Konseye Prezidansyèl yo fin n chwazi l kòm Premye minis pou dirije Tranzisyon an, ansyen Premye minis Garry Conille reyaji pou l felisite tout aktè ki te sipòte l yo.
Nan yon mesaj li poste sou kont X li, Garry Conille di li santi l onore anpil dèske Konsèy Prezidansyèl la chwazi li kòm nouvo Premye Minis Ayiti.

« M ap pwofite di mèsi anpil a tout òganizasyon nan sosyete sivil la, pati politik yo, ak manm dyaspora a ki pwopoze non mwen pami lòt kandida nan pwosesis la », se sa nou kapab li nan mesaj li a.
Yon lòt bò, Garry Conille pwomèt li pral travay pou yon demen miyò pou tout pitit nasyon an ansanm ak tout moun.
Sous: Le Placentin.

La Rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!