Ribrik kafe sivik/ M ap gade fèt drapo a weekend sa… tout kote.

Ribrik kafe sivik/
M ap gade fèt drapo a weekend sa… tout kote.

M ap gade jan Ayisyen ap sòti a foul, rad sou yo, fyète sou figi yo.
M ap gade granmoun ak timoun ap mete koulè drapo sou tèt, sou zepòl, k ap chante nan lang kreyòl ak nanm yo.
M ap gade dyaspora ki pa janm viv Ayiti, men k ap chante “Ayiti cheri”

Sa ki touche m se pa sèlman sa zye m wè,
Se sa k ap pase an silans nan kè chak Ayisyen ki la: Yon lanmou ki pa janm mouri.
Yon lanmou ki depase zòn, ki depase aksan ak klàs.

Paske malgre tout divizyon yo, tout istwa yo mete ant nou, Nou toujou jwenn youn lòt.
Nan yon bèl ti mizik konpa, nan danse konbit, nan bonjan griyo ak pikliz… Nou sonje: nou se youn.

Men lanmou saaaa, li pa senp men Se lanmou sa ki kenbe Ayiti vivan, menm lè pa gen limyè. Paske se pa fil kouran ki bay limyè, Se linyon nou.
Se lè nou makonnen ansanm, epi di:
“Mwen la pou ou. Ou pa poukont ou.”

Fèt drapo a, se pa bèl rad, Se pa mizik sèlman.
Se pa selebrasyon sa ki te fèt men
Se rapèl sa nou dwe kontinye fè.

Se pa sèlman sonje zansèt yo, Men sonje misyon yo kite pou nou: Bati peyi nou. Kenbe youn lòt. Pa lage.

Ayiti se pa sèlman bout tè a, Se tout sa ki ini nou menm lè n pa sou menm tè. Se tout lanmou nou pote pou ras nou, pou lang nou, pou kilti nou men pi plis toujou, pou youn lòt.

Pandan n ap selebre, ann poze tèt nou yon kesyon:
Ki sa lanmou ak linyon vle di pou nou jodi a?
Èske nou vle kontinye viv separe, jije, meprize?
Oswa n ap chwazi bati ansanm, koute youn lòt, mete respè kote egoyis te ye?

Paske tout bagay n ap chèche yo,
Lapè, sekirite, devlopman dwe kòmanse ak nou. Avèk lanmou. Avèk kapasite nou pou mete tèt ansanm.

Lan linyon, gen pouvwa. Lan lanmou, gen gerizon. E si nou mete yo ansanm, Nou gen yon nasyon. Yon Nasyon Solid.

Se pou fèt drapo sa pa fini ak week-end nan.
Se pou li mete chalè nan kè nou, epi limen dife sa ki ka rebati nou.

Ann mete lanmou ak linyon sou drapo n chak jou. Paske Ayiti pap janm mouri si nou menm nou deside viv pou li, ansanm.

Ekri pa :
Michel-Ange Gedeon

Bòn Fèt Drapo Konpatriyòt
Michel-Ange Gedeon
18 Me, 2025

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!