Ribrik Kafe sivik mèkredi 4 jwen 2025 Mesye Jimmy DERISMA

Ribrik Kafe sivik mèkredi 4 jwen 2025

Mesye
Jimmy DERISMA

Prezidan Depatmantal Asosyasyon
KAZÈK Nòdwès,

Mesye Prezidan,

Mwen salye ou ak onè epi mwen sezi moman saa pou’ m pataje lide sa yo ak ou epi KAZÈK POLEN/ LAKÒN ( PAULIN/LACORNE).

Silvouplè, kòman Asosyasyon Depatmantal la reaji aprè Konferansdeprès Prezidan FENACAH?

Daprè mwen men’m, Komite FENACAH dwe fè 2 lis:
1) lis tout NOUVO DWA lap GENYEN;

2) lis tout ANSYEN DWA lap PÈDI.

FENACAH ap PATAJE LIS SAa avèk 10 Federasyon Depatmantal yo.

Chak Federasyon Depatmantal ap vote.
Rezilta ki sòti ya se li ki rezilta depatman an.

FENACAH ap konpare epi adisyone tout rezilta yo; si se WI ki genyen, se sa ki rezilta FENACAH; si se NON ki genyen, se sa ki REZILTA FENACAH.

Pou sa te ka pi demokratik ankò, chak Federasyon Kolektivite Tèritoryal Depatmantal ta dwe fè men’m jan.

Aprè 4 rezilta sa yo, nou tout ( 30 manb AMANO, 30 manb KAZÈK Nòdwès, TOUT manb AZÈK, TOUT manb Delege Vil) ta dwe reyni ansanb nan Depatman pou vote.
Anvan Vòt la, tap genyen yon DEBA KONTRADIKTWA avèk Reprezantan LETA ki vle nou vote «  WI » epi Advèsè ki pa Dakò ak LETA ki vle pou PÈP la vote «  NON ».

Ki sa ou panse?
Patriyotik salitasyon
Hérard LOUIS
Jenèv ( Genève) mèkredi 4 jwen 2025

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!