OPINION
Sa a dominiken yo pa konprann, Ayisyen chwazi lock Tèt yo pou kont yo pandan plizyè mwa. Se pa ti fèmen Abinader k ap swiv lòd nasyonalis reyaksyonè lakay li k ap fè kè nou sote.
Okontrè!
Abinader ansanm ak fo nasyonalis li yo makonnen ak enperyalis la ki vle anvlimen sitiyasyon an lakay mete ansanm pou vin ogmante doulè nou.
Malerezman Ayiti pa genyen ni dirijan, ni elit(ekonomik, politik ak entèlektyèl). Si pèp la te gen yon avangad eklere se pi gwo lokazyon pou n te pran yon seri desizyon nan bon jan tèt frèt pou lanse pwodiksyon nasyonal la.
Konpòtman pèp la montre tout bon vre Pèp se limyè, pèp lè l deside pa gen chay ki twòp pou li.
San demagoji, ak la lwa, trete epi Akò entènasyonal an defann diyite nou, defann enterè nou, defann dwa nou, defann lavi nou.
Sonje pawòl sa :Dlo se lavi. Konsa konstriksyon kanal la sou larivyè Masak se pou evite zòt kontinye sakrifye lavi nou ak lavi pitit nou.
Se pou nou mande OEA, CARICOM, Nasyonzini pou vin fè mitan jwèt nan konfli Repiblik dominikèn ansanm ak tout fo nasyonalis plis enperyalis la ak plan li genyen pou fini ak nou an pwofite soufle dife y’a lè l mande “ressortirissants” li yo an n Ayiti pou chape pou l kite Ayiti prese prese paske yo pap kapab pase nan peyi Abinader la.
Pitit pitit pitit Dessalines yo
pitit pitit pitit Catherine Flon yo
kouzen ak Kouzin Charlemagne Péralte yo reveye nou.
Pou m fini m ap rakonte nou yon “anecdote” mwen tande nan bouch yon Ayisyèn k ap viv Etazini, Fanm nan di kote l ye la, li santi se Wanament pou l ta ale pou l al pote blòk epi fè manje pou moun k ap monte miray yo, moun k ap travay sou kanal la. Lè m tande pawòl sa, mwen mache sou fanm nan pou m di li madanm ou soti tout bon nan Toyo Grann Titon, Sanite Belair ak tout lòt ki te devan w ki te patisipe pou fè peyi w la yon gwo peyi devan je limanite.”
Konbe nan elit yo ki pran pozisyon sou koze y’a?
Konbe nan elit yo ki chache dokiman pou vin fè pedagoji ak pèp la, yon fason pou l kapab genyen zouti teyorik nan men l pou l mennen batay sa?
Anpil genyen lajan Chango nan men yo. Y ap fè anpil “artifices”, anpi kalkil pou wè kouman yo va toufe aksyon popilasyon an.
Grenadye Alaso!!!
Ekri Pa :
Marcel Poinsard Mondésir
15/09/2023.-
Tout DWA REZÈVE [email protected] TELEFÒN
509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel