Sit-in Répons AYITI devan BINUH: Mèt Winder Bernard egzije yon ankèt entènasyonal epi denonse engerans etranje nan peyi a

Sit-in Répons AYITI devan BINUH:
Mèt Winder Bernard egzije yon ankèt entènasyonal epi denonse engerans etranje nan peyi a

Pòtoprens, Ayiti – Estrikti politik Répons AYITI franchi yon etap enpòtan nan batay li pou souverènte nasyonal la. Òganizasyon an te òganize yon gwo sit-in devan biwo Biwo Entegre Nasyonzini nan Ayiti (BINUH) ki nan Jivenal, anndan lokal Otèl Karibe a nan Petyonvil. Nan okazyon sa a, lidè yo te pwofite voye yon gwo kout chapo bay ajan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) yo pou gwo pwofesyonalis yo montre nan ankadre ak sekirize manifestasyon an.

Dapre deklarasyon Mèt Winder Bernard, prezidan Répons AYITI, mobilizasyon sa
a gen yon karaktè istorik. Se premye fwa sitwayen ayisyen rasanble devan syèj BINUH avèk foto ansyen prezidan Jovenel Moïse nan men yo. Objektif prensipal demach sa a se egzije kreyasyon yon komisyon ankèt entènasyonal endepandan pou fè limyè sou asasina ansyen chèf leta a epi rann pèp ayisyen an jistis.

Denonsyasyon kont vyolasyon dwa moun ak mercenarya

Pandan rasanbleman an, responsab Répons AYITI yo leve vwa yo kont sa yo rele gwo vyolasyon dwa moun k ap fèt nan peyi a. Yo lonje dwèt sou mèsenè Erik Prince ak gwoup li a, yo akize kòm moun k ap mennen operasyon ak dron kòmiz (kamikaze) ki lakòz anpil viktim nan mitan popilasyon sivil la. Anmenmtan, yo deplore fason gwoup ame yo ap kontinye benefisye pwoteksyon oswa avètisman davans anvan operasyon sekirite yo fèt.

Engerans diplomatik ak sipò ak moun ki anba sanksyon

Òganizasyon an denonse tou sa li konsidere kòm yon gwo engerans kominote entènasyonal la nan zafè anndan peyi Ayiti. Yo site non plizyè diplomat ak responsab entènasyonal tankou:

* Henry T. Wooster
* André François Giroux
* Antoine Michon
* Carlos Gabriel Ruiz Massieu Aguirre
* Madan Hélène Roos (Reprezantan Inyon Ewopeyen an nan Ayiti)

Dapre Répons AYITI, diplomat sa yo ap kontribye nan mentni yon sistèm kote kòripsyon, lenpinite ak soudevlopman ap taye banda, sitou akòz sipò y ap bay sèten aktè politik ak ekonomik ki anba sanksyon entènasyonal.

Kontestasyon dekrè sou min ak demand pou chanjman nan tèt leta a

Yon lòt pwen fò nan revandikasyon yo se te dekrè 30 avril 2026 la ki pale sou jesyon resous minyè Ayiti yo. Répons AYITI estime tèks sa a depase pouvwa konstitisyonèl yon Premye Minis genyen. Yo montre gwo kè sote sou fason y ap gade ak eksplwate richès natirèl peyi
a.

Anmenmtan, estrikti a mande pou Misye Didier Fils-Aimé kite tèt leta a yon fason ki òdone. Yo kwè prezans li sou pouvwa a pa cadrer ditou ak aspirasyon demokratik pèp la. Yo kritike tou ròl Nasyonzini ak Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), yo akize kòm konplis nan fason kriz la ap vin pi ròd chak jou.

« Pèp ayisyen an ap soufri depi twò lontan, epi kriz sa a ap dire paske gen chwa politik se depi deyò yo enpoze yo ban nou, » se sa Mèt Winder Bernard te deklare ak fòs.

## Mobilizasyon an pral kontinye
Répons AYITI avèti sa a se sèlman yon kòmansman. Yo planifye pou yo kontinye deplwaye sit-in ak manifestasyon devan anbasad ak reprezantasyon peyi ki fè pati « Core Group » la. Yo akize gwoup sa a kòm prensipal responsab k ap kraze souverènte nasyonal la epi k ap bloke lavni jèn yo nan peyi a.

An konklizyon, lidè yo sèmante batay la ap kontinye pou defann endepandans, dignite ak souverènte pèp ayisyen an, pandan yo mande pou yo fini ak tout vye pratik ki bloke devlopman peyi a depi plizyè deseni.
Siyatri:

* Mèt Winder Bernard – Prezidan Répons AYITI
* Wisly Siméon – Sekretè Jeneral Répons AYITI

Tèks sa a redije pa: Nehyir BERNARD

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!