SOS 🆘 SOS 🆘
*Kiyès k ap pote moun nan Grandans sekou?*
Yon depatman yo abandoné pirèd toujou!
Bandi pouvwa yon bò
Etanda Revolisyonè k ap wete tout sans ak fondman Mo revolisyon a yon lòt bò. Popilasyon li menm nan mitan tou 2 gwoup sa yo y ap peze.

Dapre Wikipédia n ap pale de yon Tèritwa evalye a: 1 912 km2 pou 468 301 moun(resansman:2015).
Depatman Grandans pa rete anyen pou l fè pati Tèritwa pèdi minis Enjistis Emmelie Prophète Milce twazyèm pèsonaj nan gouvènman Ariel Henry kote bandi sèl kòk chante.
Tout moun Konnen departman Grandans anba grif Sorel Jacinthe ki pa jennen depatcha Izin Asfalt Wozo a pou l pran pyès enpòtan yo pou mete nan ekipman konpayi l.
Kounye y’a, depatman prèske tounen lanfè pou moun k ap viv ladan l yo.
Sitiyasyon pi kritik toujou pou awondisman Anzdeno(Dammari-Anzdeno-Ziwa), ki nan pwent anba pou konekte ak depatman Sid via Kakas(Komin Ziwa).
Sikilasyon sou tout sans vin enposib pou popilasyon 3 komin sa yo.
Nou vle di : eta wout la ki fin kraze. Okenn pase men pa fèt. Materyèl yo anba pat Sorel ak konplisite Rosemond Pradel. Dayè kontraktyèl yo pa janm touche 5Kòb kwiv.
Mete sou sa, soti Chanbelan pou rive Dammari nan zòn Jili-Dezòmo genyen yon seri bandi ki monte tant yo la. Yo komèt tout ekzaksyon sou moun yo(vòlò, vyole, kidnape, touye). Moso wout sa tèlman difisil, pa gen fason pou pasaje yo chape anba men bandi yo.
Dayè yo fè mouvman yo bonè nan maten ak lè solèy plonje. Moun nan awondisman pa fouti pran chans pou ale Jeremi. E malerezman se Jeremi pou yo regle pifò koze an lyen ak lavi yo.
Mouche Sorel li menm ap rakete sou do yo nan konplisite ak Ariel, André Michel ekip Fusion an.
Kounye y’a, yo vin tonbe nan yon koze revolisyon yo pa wè ni pye ni tèt li.
Konsa depatman pran “en otage”, li isole e li manke tout sa moun bezwen pou viv.
Nan moman nou ye la katastwòf imanitè a pi rèd nan depatman Grandans lan e Abse a pi lou toujou nan dèyè popilasyon awondisman Anzdeno a(Dammari-Anzdeno-Ziwa).
Li enpòtan pou n souliye nan moman sa moun nan Grandans fêmen nèt paske menm avyon pa fè trajè a. Se Okay pou w antre al pran avyon pou sila yo ki kapab fè jefò a.
MPM
21/01/2024.-
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel