Yo pran nou pou lamayòlt!Sitiyasyon sekirite peyi Ayiti ap degrengole pi fon chak jou malgre prezans Fòs Represyon Gang yo (FRG). Rezilta travay fòs sa yo sou tèren an bay gwo kè kase: kidnaping ap miltipliye pi rèd, epi nèg ak zam ap vale plis tèritwa chak jou. Nan zòn Latibonit, gang « Kokorat San Ras » la ap double mechanste nan zak y ap poze sou popilasyon an. Pandan tan sa a, moun Kenscoff blije fèmen tout kote pou pwoteje tèt yo, epi yon bòn pati nan Polis Nasyonal la (PNH) lage kò yo nan rache lajan nan men malere pi rèd toujou.Fas ak tout tray sa yo pèp la ap pase, sèl gwo aksyon estratejik fòs FRG a jwenn pou yo fè se chita defini yon « feuille de route ». Nan bon kreyòl, sa vle di se kounye a yo pral di FRG ki travay li gen pou l fè. Koze sa a montre aklè jan nèg yo ap jwe nan tèt nou, epi sa dwe fè nou konprann malatyong lan fenk kòmanse. Si se konsa bagay yo ye, sou kisa menm Konsèy Sekirite Nasyonzini an te chita pou l te pran desizyon voye twoup sa yo nan peyi a?Èske yo vle fè nou kwè yo pa konnen:Ki zak gang yo ap fè?Ki kote yo chouke?Ki mwayen yo genyen ak kote mwayen sa yo soti?Ki moun nan peyi a ki patwon yo?Poukisa y ap sèvi ak yo kont popilasyon an?Kijan gang sa yo opere?An n di gagotè ak banbochè pouvwa yo ansanm ak Nasyonzini, Etazini, Frans, ak Kanada: nou menm pèp Ayisyen, nou pa lamayòl tande! Yo konprann y ap fè nou fè jiwèt, men se pwòp tèt yo y ap ridikilize devan je listwa.Marcel Poinsard Mondésir08/07/2026
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel